Add parallel Print Page Options

¶ Mwen menm ki yon chèf reskonsab, m'ap pale koulye a ak chèf reskonsab ki nan mitan nou yo. Mwen menm ki te wè jan Kris la te soufri a, mwen pral patisipe tou nan bèl pouvwa Bondye ki gen pou parèt la.

Men sa m'ap di nou: Tankou gadò, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa tankou si se fòse y'ap fòse nou. Men, fè l' paske nou vle fè sa Bondye vle. Pa fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. Men, fè l' ak tout kè nou.

Pa fè menm jan ak chèf k'ap maltrete moun ki sou kont yo. Okontrè, se pou nou tounen yon egzanp pou mouton yo.

Konsa, lè gran gadò a va parèt, n'a resevwa yon kouwòn ki p'ap janm fennen: n'a resevwa lwanj Bondye.

¶ Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li.

Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa la leve nou lè pou l' leve nou an.

Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou.

¶ Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l' devore.

Kanpe fèm nan konfyans nou, kenbe tèt avè l', paske nou konnen lòt frè nou yo ki nan lemonn ap soufri menm soufrans ak nou.

10 ¶ Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, la kenbe nou fèm, la ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n' te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.

11 Se pou li tout pouvwa a, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn.

12 Se avèk konkou frè Silven, yon nonm serye dapre sa mwen konnen, m'ap ekri nou lèt sa a, pou m' ka ankouraje nou, pou m' fè nou konnen jan favè Bondye pou nou an se yon bagay ki vre. Kenbe fèm nan li.

13 Legliz Bondye chwazi nan lavil Babilòn lan voye bonjou pou nou, ansanm ak Mak, pitit mwen an.

14 Bò pa nou, yonn di lòt bonjou pou mwen, yonn bo lòt tankou frè ak frè. Mwen mande pou nou tout k'ap viv ansanm nan Kris la, pou nou gen kè poze.

Pran swen pèp Bondye a

Kounye a m ap pale ak ansyen ki nan mitan nou yo. M se yon ansyen menm jan ak nou epi m se youn nan moun ki te temwen soufrans Kris la. Mwen menm tou, m ap patisipe nan glwa ki gen pou vini an. Men sa m ap mande nou. Aji tankou gadò sou bann mouton Bondye mete sou kont nou yo. Pa veye sou yo poutèt yo fòse nou, men veye sou yo paske se sa Bondye vle. Pa fè sa nan lide pou nou fè kòb, men fè l ak tout kè nou. Pa chache domine sou moun sa yo Bondye mete sou kont nou. Men, nou dwe yon bon egzanp pou yo. Konsa, lè pi gran gadò a va vini, n ap resevwa yon kouwòn, yon kouwòn ekstrawòdinè ki p ap janm wouye.

Jenn jan, m ap pale avè nou tou. Nou dwe aksepte otorite ansyen yo. Nou pa dwe gen lògèy nan relasyon nou youn ak lòt.

“Bondye kanpe kont moun ki gen lògèy,
    men moun ki rekonèt yo piti, li fè yo gras.”[a]

Konsa se pou nou soumèt nou devan Bondye ki gen tout pouvwa a pou li menm li ka leve nou lè lè a va rive. Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l ap pran swen nou.

Kontwole tèt nou epi veye. Dyab la, lènmi nou an, ap veye tankou yon lyon ki move k ap chache moun pou l manje. Pa lache bay Dyab la yon may, kenbe fèm nan lafwa nou. Sonje byen, frè ak sè nou yo toupatou nan lemonn sibi menm soufrans sa yo tou.

10 Wi, nou pral soufri pou yon ti tan ankò. Men apre sa, Bondye ki tèlman renmen nou pral fè n patisipe nan glwa li ki p ap janm fini an pandan nou fè yon sèl ak Kris la. L ap fòme nou li menm, l ap kenbe nou fèm, l ap ban nou fòs epi l ap bati nou sou yon fondasyon ki solid. 11 Tout puisans se nan Bondye sa rete pou tout tan gen tan. Amèn.

Benediksyon

12 Mwen ekri ti lèt sa a voye ban nou, se ak konkou Silas m konsidere kòm yon frè fidèl. M fè sa pou m ankouraje nou epi montre nou vrè gras Bondye a. Rete fèm nan gras sa a.

13 Legliz ki nan peyi Babilòn nan voye salitasyon li pou nou. Bondye te chwazi l menm jan ak nou. Mak, pitit mwen nan Kris la, voye salye nou tou. 14 Salye nou youn lòt ak yon bèl akolad lè nou rankontre.

Lapè Bondye avèk nou tout ki nan Kris la.

Footnotes

  1. 5:5 Sitasyon sa a soti nan Pwo 3:34.