Add parallel Print Page Options

¶ Mwen menm, Pòl, ansanm ak Silven ak Timote, m'ap ekri lèt sa a voye bay manm legliz lavil Tesalonik yo, k'ap viv ansanm nan Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an. Mwen mande pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.

¶ Se tout tan m'ap di Bondye mèsi pou nou tout. Mwen pa janm bliye nou lè m'ap lapriyè.

Devan Bondye Papa nou, mwen toujou chonje jan n'ap viv byen paske nou gen konfyans nan Bondye, jan n'ap travay di paske nou gen renmen nan kè nou, jan nou rete fèm nan espwa nou gen nan Jezikri, Seyè nou an.

Mwen konnen, frè m' yo, Bondye renmen nou, se li menm ki chwazi nou pou n' ka viv pou li.

Se pa t' avèk pawòl ase mwen te anonse nou bon nouvèl la. Men tou, se te avèk pouvwa Sentespri a, avèk lasirans fèm sa m' t'ap di a se vre. Nou menm tou, nou konnen jan mwen te mennen tèt mwen nan mitan nou. Mwen te fè l' pou byen nou.

¶ Nou te swiv egzanp mwen ak egzanp Seyè a. Nou te soufri anpil. Malgre sa, nou te resevwa pawòl Bondye a ak kè kontan. Sa se travay Sentespri.

Se konsa, nou te tounen yon egzanp pou tout moun nan peyi Masedwan ak nan peyi Lakayi ki gen konfyans nan Bondye.

Konsa, nou fè anpil moun rive konnen mesaj Seyè a. Se pa sèlman nan Masedwan ak nan Lakayi, men se toupatou moun ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye. Se sa ki fè, nou pa bezwen pale sou sa ankò.

Okontrè, yo tout ap rakonte jan nou te resevwa m' lè m' te rive lakay nou, jan nou te kite zidòl yo pou n' tounen vin jwenn Bondye, pou nou te ka sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an.

10 Y'ap di tou jan n'ap tann Jezi, Pitit Bondye a, k'ap vini sot nan syèl la. Se Jezi sa a Bondye te leve vivan soti nan lanmò. Se li menm k'ap delivre nou anba kòlè Bondye k'ap vini an.

Nou menm: Pòl, Silas ak Timote, n ap ekri lèt sa a pou n voye bay legliz Tesalonik ki pou Bondye Papa a ak Jezikris, Senyè a.

Gras ak lapè Bondye avèk nou!

Lavi ak lafwa kretyen Tesalonik yo

Nou pa janm sispann di Bondye mèsi pou legliz Tesalonik lan. Nou toujou leve tout frè ak sè yo nan lapriyè devan Bondye Papa a. Nou pa janm bliye jan nou montre lafwa nou nan jan nou travay di, lanmou nou nan jan nou aji, espwa nou nan Senyè Jezikris nan jan nou kenbe fèm.

Frè m ak sè m yo, nou konnen Bondye renmen nou paske se li menm ki chwazi nou. Lè n te pote Bòn Nouvèl Jezikris a, nou pa t fè sa nan pale sèlman. Men Bondye te montre puisans li, prezans Sentespri a te vrèman reyèl, epi ou menm, ou te kapab wè kijan nou te kwè totalman nan sa nou t ap di w. Epitou, jan nou menm nou te kondui tèt nou, sa te montre aklè kijan nou se moun Kris nou ye. Nou te fè sa konsa pou byen ou menm. Epi ou te swiv egzanp nou, menm jan ou swiv egzanp Senyè a tou, lè ou te aksepte mesaj la ak kè kontan nan mitan gwo soufrans. Se Sentespri a menm ki te ba w kè kontan sa a.

Rezilta a se lè ou menm tou, frè m ak sè m yo, ou vin sèvi yon modèl pou tout frè ak sè nan Kris k ap viv nan Masedwàn ak nan Akayi. Se depi soti Tesalonik, mesaj pawòl Bondye a gaye nan tout Masedwàn ak nan Akayi. Konsa, toupatou kote nou pase y ap pale sou kalite lafwa nou nan Bondye. Konsa nou pa t bezwen di anyen ankò. Tout moun ap pale sou jan w te byen resevwa nou. Tout moun ap pale sou kijan w te sispann adore zidòl pou w te ka vin sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an. 10 Konsa nou te vin konnen Jezi, limenm ki delivre nou anba jijman ki gen pou vini an. Nou kwè Bondye te fè Jezi, Pitit li a, soti vivan pami mò yo epi nou vin gen espwa l ap retounen soti nan syèl la pou l vin sove nou.