Add parallel Print Page Options

10 ¶ Men sa mwen menm Pòl, m'ap mande nou ak dousè ansanm ak bon kè ki soti nan Kris la. Gen moun ki pretann mwen fèmen lè m' nan mitan nou, men lè m' lwen nou mwen sevè.

Tanpri, pa fòse m' moutre nou jan mwen ka sevè lè m'a rive lakay nou. Paske mwen sèten m'a ka moutre m' sevè annegad moun ki konprann m'ap aji dapre bon konprann lèzòm.

M'ap viv koulye a nan yon kò tankou tout moun, se vre. Men, mwen p'ap goumen menm jan ak tout moun.

Zam m'ap sèvi nan batay m'ap mennen an, se pa menm ak zam moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam mwen se zanm ki gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fò. M'ap kraze tout pawòl esplikasyon ki pa bon,

m'ap kraze tou sa lèzòm nan lògèy yo ap fè pou anpeche moun konnen Bondye. M'ap mare tout vye lide ki nan tèt lèzòm yo, m'ap fè yo vin obeyi Kris la.

Mwen pare pou m' pini tout moun ki va dezobeyi. Men, anvan sa, se pou nou moutre m' jan nou soti pou nou soumèt nou nèt.

¶ Nou menm, moun Korent, n'ap gade sou laparans. Enben, si yon moun mete nan tèt li se moun Kris la li ye, se pou l' mete sa nan tèt li tou, mwen menm tou mwen se moun Kris la mwen ye menm jan avè li.

Enpi, menm si m' te fè grandizè yon ti jan twòp pou otorite Seyè a ban mwen an, mwen pa wont pou sa. Paske, otorite sa li ban mwen an, se pou m' fè nou grandi nan konfyans nan li, se pa pou m' kraze nou.

Mwen pa ta vle nou konprann m'ap chache kraponnen nou lè m'ap ekri nou konsa.

10 Gen moun ki di: Lè Pòl ap ekri nou, li rèd konsa, li sevè. Men, lè li la nan mitan nou li tou dou. Ata pale li pa ka pale.

11 Enben, moun ki di sa a, li mèt mete sa nan tèt li: Pa gen diferans ant sa m'ap ekri nan lèt mwen voye ban nou lè mwen pa la ak sa mwen pral fè lè m'a la nan mitan nou.

12 ¶ Konprann sa byen: mwen pa ka pèmèt mwen pou m' mete m' sou menm wotè ak moun ki kwè yo plis pase sa yo ye, ni mwen p'ap konpare tèt mwen ak yo non plis. Se yon bann san konprann! Y'ap mezire tèt yo ak mezi yo menm yo fè. Y'ap konpare tèt yo ak pwòp tèt pa yo ankò.

13 Men, pou mwen menm, mwen p'ap vantè tèt mwen depase limit. M'ap rete nan limit travay Bondye ban mwen an. Nou menm, moun Korent, nou nan limit travay mwen.

14 Se sak fè, mwen pa t' depase limit mwen lè m' te rive lakay nou ak bon nouvèl ki pale sou Kris la.

15 Konsa, nou wè, mwen pa depase limit Bondye ban mwen. Mwen p'ap fè grandizè pou travay lòt moun te deja fè. Okontrè, mwen gen espwa n'a grandi nan konfyans, pou m' ka fè yon pi gwo travay ankò nan mitan nou, toujou nan limit Bondye ban mwen an.

16 Apre sa, m'a kapab al anonse bon nouvèl la nan peyi ki pi lwen pase lakay nou, san m' p'ap bezwen fè grandizè pou travay lòt moun deja fè nan limit pa yo.

17 Paske, jan sa ekri nan Liv la: Si yon moun vle fè lwanj tèt li, se pou l' fè lwanj tèt li nan sa Bondye fè pou li.

18 Se konsa wi: Se pa moun k'ap fè lwanj tèt yo ki bon pou travay la, men se moun Seyè a rekòmande ki bon pou travay la.

Pòl ap defann otorite apot li

10 Mwen menm Pòl, kèk moun di ki timid lè m nan mitan nou, epi ki sevè lè m lwen, mwen ta vle fè nou yon demand pèsonèl poutèt bonte ak dousè Kris la: Tanpri, pa oblije m mete severite m deyò lè m vini. Mwen gen plan pou m aji ak severite ak tout moun ki panse rezon ki kontwole konduit nou sanble ak sa ki kontwole mond sa a. Se vre n ap viv nan mond la, men nou pa mennen batay nou menm jan lemonn. Nou pa sèvi ak zam lèzòm fè. Puisans zam nou yo soti nan Bondye, epi y ap detwi tout kote lènmi an genyen pou fè l kwè li an sekirite. N ap detwi move rezònman lèzòm ap fè, n ap detwi tout vye panse ògeye ki opoze ak konesans Bondye. N ap mete tout panse anba kòd pou fè yo obeyi Kris la. Nou pare pou nou pini tout moun ki dezobeyi, men nou vle wè ou ap obeyi Kris san grate tèt anvan.

Gade prèv ki devan w yo! Si yon moun gen konviksyon li se moun Kris la, lè l byen reflechi, l ap wè nou menm tou, nou se moun Kris la. Menmsi li ta sanble mwen egzajere nan jan m fyè a, mwen pa wont. Paske, Senyè a ban m otorite pou m konstui, li pa ban m otorite pou m detwi. Mwen pa vle parèt tankou moun k ap ekri lèt pou fè nou pè. 10 Se vre gen moun ki di: “Lèt li yo egzijan, yo gen fòs, poutan lè l nan mitan nou an pèsòn, pawòl li yo fèb, epi yo pa vo anyen.” 11 Men sa moun sa yo bezwen konnen: lè nou vini, aksyon nou yo ap gen menm pwa ak sa nou ekri nan lèt nou yo.

12 Nou pa oze mete nou nan menm nivo oswa konpare tèt nou ak moun sa yo ki panse yo tèlman enpòtan. Yo etabli pwòp mezi yo pou mezire pwòp tèt yo, epi yo konpare tèt yo ak pwòp tèt yo. Ala egare!

13 Men nou menm nou pa pral vante tèt nou depase limit travay nou. N ap vante tèt nou nan limit travay Bondye ban nou. Epi nou menm, legliz Korent, nou antre anndan limit travay sa a. 14 Nou te ka tonbe nan kategori moun k ap vante tèt yo depase, si nou pa t deja vini lakay ou. Men nou se premye moun ki te rive Korent ak Bòn Nouvèl Kris la. 15 Nou p ap vante tèt nou ni chache pran kredi pou travay lòt moun te fè. Souwè nou, se paske pandan lafwa ou ap kontinye fè pwogrè, ou ap ede travay n ap fè a kontinye grandi epi ale pi lwen. 16 Konsa nou ka pote Bòn Nouvèl la nan lòt zòn ki pi lwen toujou, san nou pa bezwen vante tèt nou sou travay lòt moun te fè. 17 “Si yon moun vle vante tèt nou, se pou l vante tèt li sou travay Senyè a fè.”[a] 18 Lè yon moun ap vante tèt li di l bon, sa pa vo anyen. Sa k konte, se sa Bondye li menm, li di sou yon moun.

Footnotes

  1. 10:17 Sitasyon sa a soti nan Jer 9:24.