Add parallel Print Page Options

11 ¶ Mwen ta renmen nou pèmèt mwen pran pòz moun fou m' pou yon ti moman. Enben, wi, pèmèt mwen fè sa.

M'ap fè jalouzi pou nou, yon jalouzi ki soti nan Bondye. Paske, nou tankou yon jenn fi ki pa nan dezòd. Mwen fiyanse nou ak yon sèl gason. Gason sa a se Kris la.

Men, mwen pè pou lespri nou pa pèvèti, pou nou pa manke Kris la pawòl, pou nou pa tonbe nan dezòd tankou Ev ki te kite sèpan an vire lòlòj li ak riz li yo.

Mwen di sa paske mwen wè nou kite nenpòt ki moun vin fè nou konnen yon Jezi ki pa menm ak Jezi mwen te fè nou konnen an, epi nou pa di anyen. Mwen wè nou pare pou n' asepte yon lespri ak yon mesaj ki pa menm ni ak Lespri Bondye a, ni ak bon nouvèl mwen te ban nou an.

¶ Pou mwen, mwen pa wè sa apòt ki kwè yo plis pase tout moun yo gen pase mwen.

Mwen ka pa konn pale byen, men pou konesans la, se pa menm bagay. Nan tout okazyon ak nan tout bagay mwen te toujou fè nou wè sa.

Lè m' te anonse nou bon nouvèl Bondye a, mwen te fè sa gratis pou nou, mwen te desann tèt mwen pou m' te ka fè nou kanpe. Eske mwen te gen tò lè m' te fè sa?

Lè sa a, mwen te asepte lajan nan men lòt legliz yo. Se tankou si m' te pran nan sa ki pou yo pou m' te kapab ede nou.

Pandan tout tan mwen te pase lakay nou an, mwen pa t' sou kont pesonn lè m' te bezwen lajan, paske frè ki soti Masedwan yo te pote tou sa m' te bezwen pou mwen. Mwen te pran kont prekosyon m' pou m' pa t' sou kont nou yonn pou anyen, epi m'ap toujou pran menm prekosyon sa a.

10 Jan mwen sèten mwen konnen verite Kris la, mwen pa ka bay manti, se konsa m'ap di nou sa: rezon sa a mwen genyen pou m' vante tèt mwen nan tout peyi Lakayi a, pesonn p'ap kapab wete l' nan men mwen.

11 Poukisa? Eske se paske mwen pa renmen nou? Se Bondye ki konnen jan mwen renmen nou.

12 Men, m'ap toujou aji jan m'ap aji koulye a, pou m' pa bay moun k'ap chache okazyon pou yo fè grandizè chans pou yo ka di yo travay menm jan ak mwen.

13 Moun sa yo, se pòz apòt yo y'ap pran. Y'ap bay manti sou travay yo, y'ap fè tèt yo pase pou apòt Kris la.

14 Pa gen anyen la a ki pou fè n' sezi: ata Satan ka ranje kò l' pou l' pran pòz yon zanj limyè.

15 Si moun k'ap sèvi Satan yo pran pòz moun k'ap sèvi sa ki byen, pa gen anyen ki dwòl nan sa. Men, bout pou bout y'a jwenn sa y'ap chache a.

16 ¶ M'ap repete sa m' te di a: Piga pesonn pran m' pou moun fou. Men, si nou pran m' pou moun fou, kite m' pran pòz moun fou m' vre pou m' kapab vante tèt mwen yon ti kras tou.

17 Sa m'ap di koulye a, se pa sa menm Seyè a ta renmen m' di. Men, nan pozisyon yo mete m' ki fè m' ka vante tèt mwen an, m'ap pale tankou si m' te fou.

18 Sitèlman gen moun k'ap vante tèt yo pou bagay y'ap fè sou latè, kite m' vante tèt mwen tou.

19 Nou menm ki gen bon konprann nou pa manke tolere moun fou!

20 Nou kite yo fè nou tounen esklav, nou kite yo devore nou, nou kite yo pran nou nan pèlen, nou kite yo fè awogans sou nou, nou kite yo ban nou souflèt.

21 Wi, mwen wont di sa: Mwen te twò fèb pou m' te aji jan m' te aji ak nou an! Men, si gen moun ki ka pèmèt yo vante tèt yo pou lòt bagay (pa bliye m'ap pale tankou yon moun fou wi!) mwen menm tou m'ap pèmèt mwen fè sa tou.

22 ¶ Eske yo se pitit pitit Ebè? Mwen menm tou. Eske yo se moun ras Izrayèl la? Mwen menm tou. Eske yo se pitit pitit Abraram? Mwen menm tou.

23 Eske yo se moun k'ap sèvi Kris la? (M'ap pale koulye a tankou moun ki deraye nèt.) Mwen sèvi Kris la plis pase yo: mwen travay pase yo, yo mete m' nan prizon pi plis pase yo, yo bat mwen pi plis pase yo, mwen manke mouri pi souvan pase yo.

24 An senk fwa, jwif yo ban m' trant nèf kout fwèt.

25 An twa fwa, women yo bat mwen. Yon fwa yo kalonnen m' wòch pou yo te touye mwen. Batiman koule avè m' twa fwa. Yon fwa menm mwen pase yon jou ak yon nwit nan dlo.

26 Anpil fwa menm, lè m'ap vwayaje konsa dlo larivyè manke pote m' ale. Bandi manke touye m', jwif yo manke touye m' tou, ata moun lòt nasyon yo manke touye m' tou. Mwen te an danje nan lavil, mwen te an danje andeyò, mwen te an danje sou lanmè. Ata swadizan frè yo manke touye mwen.

27 Mwen redi travay di, mwen fatige kò m' anpil, mwen pase anpil nwit san dòmi, mwen konnen sa ki rele grangou ak swaf dlo. Anpil fwa mwen te blije rete san manje, mwen soufri fredi, mwen konn pa gen rad pou m' mete sou mwen.

28 San konte anpil lòt bagay ankò, chak jou se tèt chaje pou mwen ak bagay mwen gen pou m' regle pou tout legliz yo.

29 Si yon moun fèb, lamenm mwen fèb tou. Si yon moun tonbe nan peche, sa rann mwen malad.

30 Si se pou m' vante tèt mwen, m'a vante tèt mwen pou tout bagay ki pou moutre jan m' fèb.

31 Bondye ki Papa Seyè Jezi a (li menm k'ap resevwa lwanj tout tan an), li konnen mwen p'ap bay manti.

32 Lè m' te lavil Damas, moun wa Aretas te mete pou gouvènen lavil la pran gad, li mete yo nan tout pòtay lavil la pou yo te arete m'.

33 Men frè yo fè m' pase nan yon fennèt nan gwo miray lavil la. Yo file m' desann nan yon panyen. Se konsa mwen te chape kò m' anba men li.

Konparezon ant Pòl ak fo apot yo

11 Mwen swete nou ka sipòte pou m manifeste yon ti kras foli. Men wi, fè yon ti sipòte m non! Mwen jalou pou nou. Jalouzi sa a soti nan Bondye. Mwen te pwomèt pou m remèt nou bay Kris kòm sèl mari nou. Epi m ta renmen remèt nou bay mari nou vyèj. Men menm jan Èv te tonbe anba riz sèpan an, mwen krenn pou panse nan tèt nou pa fè nou kite atachman fidèl epi san detou nou dwe genyen ak Kris la. Pa egzanp mwen wè nou gen anpil pasyans ak moun ki vin anonse nou yon lòt Jezi ki pa menm ak sa nou te anonse w la. Mwen wè nou aksepte fasilman yon lòt lespri ak yon lòt mesaj pa menm ak Lespri mesaj Bòn Nouvèl mwen te anonse nou an.

Poutan, mwen pa kwè okenn espès gran apot nou yo gen valè pase m. Petèt, mwen ka limite pa rapò ak moun ki fò nan fè bèl diskou. Men, kanta pou konesans, se yon lòt bagay! Nou gentan montre sa aklè nan tout bagay epi nan tout okazyon.

Èske se yon peche m te fè lè m te imilye tèt mwen pou nou menm nou te ka resevwa onè? Èske se yon peche te fè lè m te anseye nou Bòn Nouvèl la san nou pa t bay anyen? Mwen te aksepte sipò lajan nan men lòt legliz pou m te ka sèvi w pi byen. Epi lè m te lakay nou, mwen pa t sèvi fado pou pèsòn, menm lè m te nan bezwen. Frè ki te soti Masedwàn yo te ban m tout sa m te bezwen. Mwen pa t pèmèt pou tèt mwen, epi mwen p ap janm pèmèt pou tèt mwen ta yon fado pou nou. 10 Mwen di sa ak verite a Kris la nan mwen, pèsòn nan tout Lakayi pa ka anpeche m fyè sou sijè sa a. 11 Pouki sa m pa mete yon fado sou nou? Èske se renmen mwen pa renmen nou? Bondye konnen ki valè renmen mwen renmen nou!

12 M ap kontinye kenbe l jan l ye kounye a. Konsa, mwen p ap bay okenn baz pou moun k ap chache okazyon pou yo vante tèt yo. Yo p ap jwenn okazyon pou yo ta di se menm kalite travay ak nou y ap fè. 13 Se fo pwofèt yo ye. Se yon bann pwofesyonèl nan bay manti k ap fè sanblan yo se apot Kris la. 14 Sa pa etone nou, paske se menm bagay Satan ap fè lè l fè sanblan li se yon anj limyè. 15 Konsa, sa pa dwe etone nou si sèvitè Satan yo ap fè sanblan yo se moun k ap travay pou sa ki jis. Men alafen, y ap jwenn pinisyon aksyon yo merite.

Pòl ap pale sou soufrans li kòm apot

16 M ap di nou sa ankò: mwen pa vle pèsòn panse m fou. Men si se sa nou panse, enben aksepte m tankou moun fou. Konsa mwen ka vante tèt mwen yon ti kras. 17 Nan kesyon vante tèt la, mwen p ap pale jan Senyè a li menm ta pale. M ap pale pito tankou yon moun fou. 18 Poutèt gen anpil lòt moun ki vante tèt yo sou sa yo akonpli nan lavi, kite m vante tèt mwen tou. 19 Nou se moun saj, poutan nou sipòte moun ki gen foli yo tèlman byen! 20 Nou sipòte nenpòt moun ki trete nou tankou esklav epi ki eksplwate nou. Nou sipòte nenpòt moun ki twonpe nou, moun ki panse yo pi bon pase nou, menm moun ki ba nou souflèt nan figi nou. 21 Mwen santi m wont pou m di l, men nou menm nou te twò fèb pou nou te fè w sa.

Men si yon moun oze vante tèt li nan yon domèn, mwen ka oze fè l tou. (Menmsi m ap pale tankou moun fou.) 22 Se Ebre yo ye? Mwen menm tou. Se Izrayelit[a] yo ye? Mwen menm tou. Se desandan Abraram yo ye? Mwen menm tou. 23 Èske y ap sèvi Kris? M ap sèvi Kris la plis pase yo. (Se sèl moun fou ki pale jan m ap pale a). Mwen travay plis pase yo. Mwen te nan prizon pi souvan pase yo. Mwen pran plis baton pase yo. Mwen pase raz ak lanmò plis pase yo.

24 Pandan senk fwa mwen resevwa pinisyon 39 kout baton nan men Juif yo. 25 Moun bat mwen ak raso pandan twa fwa. Yon fwa yo te lapide m. Bato fè nofraj twa fwa avèk mwen. Yon fwa mwen pase yon jounen ak tout yon nuit nan dlo lanmè. 26 Poutèt mwen vwayaje anpil, mwen rankontre danje nan larivyè k ap desann, danje nan mitan bandi, danje nan men pwòp konpatriyòt mwen, danje nan men moun ki pa Juif. Mwen te an danje nan vil yo tankou nan zòn rekile yo, tankou sou lanmè. Mwen te an danje nan mitan fo frè yo.

27 Mwen fè travay di epi fatigan. Mwen fè plizyè nuit san dòmi. Mwen te grangou, mwen te swaf. Plizyè fwa mwen pa jwenn manje pou m manje. Mwen santi fredi san m pa gen rad pou m mete. 28 Anplis tout lòt pwoblèm yo, sousi m gen pou tout legliz yo mete m anba gwo presyon chak jou. 29 Chak fwa yon moun fèb, mwen santi m fèb. Chak fwa yon moun kite wout verite a, mwen santi anndan m ap bouyi.

30 Silfo pou m vante tèt mwen, mwen ta pito pale sou bagay ki montre kijan mwen fèb. 31 Bondye konnen m p ap bay manti. Se li menm ki Bondye ak Papa Senyè Jezi, se li menm ki merite tout glwa tout tan. 32 Lè m te Damas, gouvènè ki te reprezante wa Aretas la te mete gad nan pòtay vil la pou arete m. 33 Men kèk zanmi te mete m nan yon panye. Yo fè panye a pase nan yon twou nan miray la epi yo desann mwen anba. Se sa ki te pèmèt mwen chape anba l.

Footnotes

  1. 11:22 Ebre … Izrayelit Se diferan non pou pèp Juif la.