Add parallel Print Page Options

¶ Ann konsidere lè Jezikri, Seyè nou an, va parèt pou l' sanble nou ansanm bò kote li. Frè m' yo, men sa m'ap mande nou:

Pa kite pesonn twouble lespri nou fasil, ni fè nou pèdi tèt nou ak ankenn mesaj ki swadizan soti nan Bondye, ni ak ankenn bèl diskou, ni ak ankenn lèt mwen ta swadizan ekri nou, pou yo fè nou kwè jou Seyè a rive deja.

¶ Pa kite pesonn twonpe nou nan ankenn jan. Paske, anvan jou sa a rive, gen yon dènye revòlt kont Bondye ki pou fèt. Nou gen pou nou wè mechan ki deja kondannen pou disparèt la vini anvan.

Mechan sa a ap kanpe, l'ap pran pozisyon kont tout bagay lèzòm ap sèvi, kont tout bagay lèzòm konsidere pou Bondye. La fè, la fè, jouk la antre nan tanp Bondye a, la chita, la fè tèt li pase pou Bondye.

Nou pa chonje mwen te di nou sa lè m' te lakay nou toujou?

Men, gen yon bagay k'ap anpeche levènman sa yo rive koulye a. Nou konnen kisa li ye: Se sak fè, mechan an p'ap parèt anvan lè li.

Wi, pouvwa mechan an deja ap travay anba chal. Men, anvan pou levènman sa yo rive, se pou moun k'ap ba l' baryè a disparèt.

Lè sa a, mechan an va parèt. Seyè Jezi va soufle ak bouch li sou li, la touye li. L'ap annik parèt nan tout pouvwa li pou l' fini nèt ak li.

Mechan an va vini ak tout pouvwa Satan an. Li va fè anpil mirak, anpil mèvèy ak anpil gwo siy pou bay manti.

10 Li va fè tout kalite bagay mal pou twonpe moun k'ap pèdi tèt yo. Y'ap pèdi tèt yo paske yo pa asepte verite ki pou ta sove yo a, yo pa renmen li.

11 Se poutèt sa, Bondye ap voye yon pouvwa k'ap travay pou egare yo pi rèd, pou yo sa kwè nan manti.

12 Konsa, tout moun ki p'ap kwè nan verite a, ki te pran plezi yo nan fè lenjistis, yo tout pral kondannen.

13 ¶ Se yon devwa pou mwen pou m' pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè m' yo, nou menm Seyè a renmen. Paske, Bondye chwazi nou pou nou ka premye moun ki pou delivre, gremesi pouvwa Sentespri ki fè nou tounen moun pa l', paske nou kwè nan verite a.

14 Gremesi bon nouvèl mwen te anonse nou an, Bondye chwazi nou pou nou ka resevwa pa nou nan lwanj ki pou Jezikri, Seyè nou an.

15 Se sa ki fè, frè m' yo, se pou nou kenbe fèm. Pa bliye tou sa nou te aprann nan bouch mwen ak nan lèt mwen an.

16 ¶ M'ap lapriyè Jezikri, Seyè nou an, ansanm ak Bondye, Papa nou ki renmen nou, ki fè nou favè, ki ban nou yon kouraj ki p'ap janm febli ansanm ak yon bèl espwa.

17 M'ap mande yo pou yo fòtifye kè nou, pou yo ban nou fòs kouraj pou nou fè tou sa ki byen, pou nou di tou sa ki byen.

Anpil move bagay gen pou rive

Frè m ak sèm yo gen yon bagay enpòtan nou dwe di konsènan Jezikris Senyè nou an ki gen pou retounen. Nou ta renmen pale ak ou sou lè nou pral rankontre ak li a. Piga kite tèt ou twouble si yon moun ta di Jezi retounen deja. Menm si you moun ta di li jwenn yon pwofesi oubyen yon lèt ki sòti bo kote nou ki ta di Jou Jezi ap retounen an rive deja pa kwè moun sa a. Pa kite pyès moun twonpe w nan okenn fason. Jou Jezi ap retounen an p ap rive, pazavan moun kòmanse abandone Bondye. Pi plis toujou, Jou sa a p ap vini pazavan moun ki responsab pou fè move bagay la vini, sila a menm ki destine pou destriksyon an.[a] Malfèktè sa a ap leve kanpe pou mete tèt li pi wo pase tout sa moun adore oubyen panse yo dwe adore. Li gen pou l menm antre nan tanp[b] Bondye a, l ap chita sou twòn nan epi l ap pwoklame li se Bondye.

Nou menm Tesalonik, nou pa sonje lè mwen te avèk nou mwen t ap plede di nou tout bagay sa yo? Konsa, ou konnen byen kisa ki kenbe malveyan an. Li gen pou l parèt yon lè. Nou toujou pa konnen kilès oubyen kilè sa gen pou rive. Men gen yon bagay oubyen yon moun ki anpeche malveyan an fè sa l ta vle fè a, jouktan moun sa a oubyen bagay sa a pa la ankò. Lè Malfèktè a va parèt aklè, Jezi ap touye l ak souf bouch li sèlman. Se jan Segnè a ap vini nan laglwa li menm k ap touye malveyan sa a. Se ak fòs Satan malveyan an ap vini. Li gen pou li vini ak anpil fòs, li gen pou li fè tout kalite mirak, demonstrasyon, gwo mèvèy. 10 Li gen pou li sèvi ak tout kalite mechanste ki genyen pou li twonpe moun ki sou wout pèdisyon yo. Yo pèdi paske yo refize renmen verite a pou yo ka sove. 11 Epi pou rezon sa a, Bondye ap voye yon lespri pou egare yo pi rèd, pou yo ka kwè bagay ki pa vre. 12 Tout moun ki pa kwè verite a men ki pran plezi yo pito nan bagay ki mal ap jwenn kondanasyon yo.

Bondye te chwazi sove nou

13 Men nou dwe toujou di Bondye mèsi pou ou menm, frè m ak sèm yo, nou menm Senyè renmen. Wi, Bondye chwazi nou pami premye moun ki[c] pou sove yo. Bondye sove nou paske Sentespri a fè nou kapab adore Bondye sèlman epi kwè nan verite a. 14 Se nan objektif sa a Bondye chwazi w. Bondye sèvi ak Bòn Nouvèl nou te prezante w la pou li sove ou. Li te chwazi w pou ou ka patisipe nan laglwa Jezikris, Senyè nou an. 15 Se poutèt sa frè m ak sèm yo, kontinye kenbe fèm epi rete dwat nan ansèyman nou te ba ou, swa fasafas swa pa mwayen lèt nou te ekri w. 16 Kounye a se pou Jezikris Senyè nou an ansanm ak Bondye Papa nou, li menm ki te montre nou kijan li renmen nou epi tou ki ban nou, nan gras li, ankourajman etènèl ansanm ak yon esperans solid, 17 se pou li ban nou kouraj, se pou l ban nou fòs pou n fè oubyen pou n di sa ki byen.

Footnotes

  1. 2:3 destine pou destriksyon an Literalman, “pitit destriksyon an”.
  2. 2:4 tanp Li pwobab se Tanp ki nan Jerizalèm nan. Gade Tanp nan Lis Mo yo.
  3. 2:13 pami premye moun ki Kèk nan kopi Grèk yo genyen “depi nan kòmansman”.