Add parallel Print Page Options

¶ Nan tan lontan, Bondye te mete pawòl nan bouch pwofèt yo nan divès okazyon ak divès jan pou l' te ka pale ak zansèt nou yo.

Men, nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt.

Pitit sa a reflete limyè bèl pouvwa Bondye a, se bon pòtre Bondye li ye. Se li menm k'ap soutni tout bagay ak pouvwa pawòl li. Lè li fin delivre moun anba peche yo, li moute chita anwo nan syèl la, sou bò dwat Bondye, Gran Wa a.

¶ Pitit la sitèlman gen plis pouvwa pase zanj yo, Bondye ba l' yon non ki pi konsekan pase pa yo a.

Kilès nan zanj yo Bondye te janm di: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a se mwen ki papa ou? Li pa janm di okenn nan zanj li yo: M'a yon papa pou li. La yon pitit pou mwen.

Men, lè Bondye t'ap voye premye Pitit li a sou latè, li te di: Se pou tout zanj Bondye yo adore li.

Lè l' t'ap pale sou zanj li yo, li te di: Bondye fè zanj li yo tounen van. Li fè sèvitè l' yo tounen flanm dife.

Men, lè l'ap pale sou Pitit li a, li di: O Bondye, gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la.

Ou te renmen tou sa ki byen. Ou te rayi tou sa ki mal. Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou la chwazi ou. Li fè kè ou kontan nèt ale, li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo.

10 Yon lòt fwa, li di ankò: Se ou menm, Mèt la, Bondye ki te kreye latè nan konmansman. Se avèk men ou ou te fè syèl la.

11 Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo fini tankou rad.

12 W'ap vlope yo tankou yon chemiz mete la. W'ap chanje yo tankou rad. Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri.

13 Bondye pa janm di okenn nan zanj li yo: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.

14 Kisa zanj Bondye yo ye menm? Yo tout se yonn bann lespri k'ap sèvi Bondye. Se Bondye menm ki voye yo pou ede moun ki la pou jwenn delivrans yo.

Bondye pale pa mwayen Pitit la

Nan tan pase yo, Bondye te pale ak zansèt nou yo pa mwayen pwofèt yo. Li te pale divès fason ak plizyè fwa. Men kounye a Bondye pale ak nou pa mwayen Pitit la nan dènye jou sa yo. Se pa mwayen Pitit la Bondye te kreye tout bagay. Anplis, Bondye bay Pitit la tout sa li genyen. Tout glwa Bondye ap klere sou li. Tout sa Bondye ye, se sa Pitit la ye tou. Pawòl li gen puisans pou kenbe tout bagay nan plas yo. Apre Pitit la fin lave peche lèzòm, l al chita adwat[a] Papa a ki gen tout pouvwa a. Sa montre aklè kijan li gen plis otorite pase zanj nan syèl la. Bondye ba l yon non ki pi siperyè pase non nenpòt zanj.

Èske Bondye janm di yon zanj:

“Ou se Pitit mwen.
    Jodi a, se mwen ki Papa w?”[b]

Li pa janm di okenn zanj nonplis:

“M ap yon Papa pou ou
    epi w ap yon Pitit pou mwen.”[c]

Poutan, lè Bondye te pou chwazi pou voye premye pitit gason l lan nan mond lan,[d] li di:

“Se pou tout zanj Bondye yo adore Pitit la.”[e]

Men sa li di pou zanj yo:

“Li fè zanj li yo tounen van[f]
    Li fè sèvitè l yo tounen flanm dife.”[g]

Poutan, men sa li di pou Pitit la:

“Bondye, wayòm ou an ap dire pou letènite.
    Ou sèvi ak otorite w pou bay jistis.
Ou renmen sa ki dwat, ou rayi sa ki mal.
    Se sa k fè Bondye, Bondye w la mete w apa,
    li ba w plis kè kontan ak plis onè pase tout lòt kanmarad ou yo.”[h]

10 Men sa Bondye di ankò:

“O Letènèl, ou kreye latè nan kòmansman,
    ou fè syèl la avèk men w.
11 Tout bagay sa yo gen pou yo disparèt, men ou menm, ou toujou la.
    Yo gen pou yo vin ize tankou vye rad.
12 Ou gen pou w plwaye yo tankou yon manto,
    ou gen pou w chanje yo menm jan moun chanje rad.
Men ou menm, ou p ap janm chanje,
    epi lavi w p ap janm fini.”[i]

13 Bondye pa janm di okenn nan zanj yo:

“Chita adwat mwen, nan plas donè a
    jouktan m va fè lènmi w yo tonbe anba pouvwa w.[j][k]

14 Èske zanj yo se pa espri ki nan sèvis Bondye yo ye? Bondye voye yo pou vin ede moun ki gen pou resevwa delivrans lan.

Footnotes

  1. 1:3 adwat Pozisyon onè ak otorite (pouvwa).
  2. 1:5 Sitasyon sa a soti nan Sòm 2:7.
  3. 1:5 Sitasyon sa a soti nan 2 Sa 7:14.
  4. 1:6 mond lan Se yon opsyon ki mete anfaz sou lè Jezikri te vin fèt sou latè (gade nan Lik 2:1-14). Yon lòt sans vèsè a ka genyen ki mache ak kontèks la tankou nan chapit 2:5. Lè sa a, anfaz la se sou bagay ki gen pou rive pita lè Kris ap resevwa kouwòn li kòm wa (gade nan Fil 2:9-11).
  5. 1:6 Se pou … la Nou jwenn pawòl sa yo nan Det 32:43 nan yon ansyen vèsyon Grèk ak nan yon woulo ki soti nan “Koumràn”.
  6. 1:7 van Menm mo sa a vle di “lespri”.
  7. 1:7 Sitasyon sa a soti nan Sòm 104:4.
  8. 1:8-9 Sitasyon sa a soti nan Sòm 45:6-7.
  9. 1:10-12 Sitasyon sa a soti nan Sòm 102:25-27.
  10. 1:13 jouktan m … anba pouvwa w Literalman, “jouktan m va mete lènmi w yo anba pye w.”
  11. 1:13 Sitasyon sa a soti nan Sòm 110:1.