Add parallel Print Page Options

13 ¶ Se te jou anvan fèt Delivrans jwif yo. Jezi te konnen lè a te rive pou l' te kite tè sa a, pou li al jwenn Papa a. Li pa t' manke renmen moun pa l' yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo nèt ale.

Jezi t'ap manje ak disip li yo jou swa sa a. Satan te gen tan pran tèt Jida, pitit gason Simon Iskariòt la, pou l' te trayi Jezi.

Jezi te konnen pou tèt pa l' li te soti nan Bondye, epi li t'ap tounen jwenn Bondye ankò. Li te konnen Papa a te ba li pouvwa sou tout bagay.

Li leve sot devan tab la, li wete gwo rad li a, li pran yon sèvyèt, li mare l' nan ren li.

Apre sa, li vide dlo nan yon kivèt. Epi li kòmanse lave pye disip li yo. Li t'ap siye yo ak sèvyèt li te mare nan ren l' lan.

Se konsa, li rive sou Simon Pyè ki di l' konsa: Mèt, ou menm ki pral lave pye mwen?

Jezi reponn li: Koulye a ou pa konprann sa m'ap fè a. Men, wa konprann pita.

Pye di li: Non, mwen p'ap janm kite ou lave pye mwen. Jezi reponn li: Si m' pa lave pye ou, ou p'ap disip mwen ankò.

Simon Pyè di li: Si se konsa, Mèt, se pa pye m' ase pou ou lave. Lave men m' yo tou ansanm ak tèt mwen.

10 Jezi di li: Lè yon moun fin benyen, tout kò l' pwòp. Se pye l' ase ki bezwen lave. Nou menm, nou tou pwòp, men se pa nou tout ki pwòp.

11 (Jezi te konnen ki moun ki tapral trayi li. Se poutèt sa li te di: Se pa nou tout ki pwòp.)

12 Lè l' fin lave pye yo tout, Jezi mete gwo rad la sou li ankò, li tounen nan plas li bò tab la, epi li di yo: Eske nou konprann sa m' sot fè la a?

13 Nou rele m' Mèt, nou rele m' Seyè. Nou gen rezon, se sa m' ye vre.

14 Si mwen menm ki Seyè, mwen menm ki Mèt, mwen lave pye nou, konsa tou, nou menm, se pou nou yonn lave pye lòt.

15 Mwen ban nou yon egzanp pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an.

16 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Moun yo voye a pa janm pi grannèg pase moun ki voye l' la.

17 Koulye a nou konn bagay sa yo. benediksyon pou nou si nou fè menm jan an tou.

18 ¶ Lè m' di sa, mwen pa pale pou nou tout. Mwen konnen moun mwen chwazi yo. Men, fòk sa ki te ekri nan Liv la rive vre. Moun k'ap manje nan menm plat avè m' lan, se li menm ki trayi mwen.

19 M'ap tou di nou sa koulye a anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive vre nou ka kwè mwen se moun mwen ye a.

20 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki resevwa moun mwen voye a, li resevwa m' tou. Moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan.

21 Lè Jezi fin di pawòl sa yo, li santi kè l' te boulvèse anpil. Li di yo kareman: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen.

22 Disip yo menm, yonn t'ap gade lòt, yo pa t' konnen ki moun li t'ap pale.

23 Yonn nan disip yo, sa Jezi te renmen an, te chita kòtakòt avèk li.

24 Simon Pyè fè l' siy pou l' mande Jezi ki moun li t'ap pale.

25 Lè sa a, disip la panche tèt li bò Jezi, li mande li: Seyè, kilès sa a?

26 Jezi reponn li: Mwen pral tranpe yon moso pen nan plat la: moun wa wè m'a lonje l' bay la, se li menm. Jezi pran yon moso pen, li tranpe l', li lonje l' bay Jida, pitit Simon Iskariòt la.

27 Pran Jida pran moso pen an, Satan antre nan li. Jezi di li: Sa ou gen pou fè a, fè l' vit.

28 (Pesonn sou tab la pa t' konprann poukisa li te di l' sa.

29 Anpil te fè lide Jezi te vle di l' al achte sa yo te bezwen pou fèt la, ou ankò te mande l' bay pòv yo kichòy, paske se li menm ki te kenbe sak lajan an.)

30 Se konsa, Jida pran moso pen an; lamenm li soti. Te fin fè nwa deyò a.

31 ¶ Apre Jida fin ale, Jezi di konsa: Se koulye a nou pral wè pouvwa Moun Bondye voye nan lachè a. Se koulye a li pral fè nou wè pouvwa Bondye parèt nan li.

32 Si li fè nou wè pouvwa Bondye a, Bondye li menm va fè nou wè pouvwa Pitit la. Epi l'ap fè l' talè konsa.

33 Pitit mwen yo, mwen pa la pou lontan ankò avè nou. Ala chache n'a chache mwen! Men, koulye a m'ap di nou sa m' te di jwif yo deja: Nou pa kapab ale kote m' prale a.

34 Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.

35 Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.

36 ¶ Simon Pyè mande li: Seyè, ki bò ou prale? Jezi reponn li: Kote m' prale a ou pa ka swiv mwen koulye a. Men, wa swiv mwen pita.

37 Pyè di li: Seyè, poukisa m' pa kapab swiv ou koulye a? Mwen tou pare pou m' bay lavi m' pou ou.

38 Jezi reponn li: Ou kwè ou pare vre pou bay lavi ou pou mwen? Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Kòk p'ap ankò chante, w'ap gen tan di ou pa janm konnen m' an twa fwa.

Jezi lave pye disip li yo

13 Anvan fèt Pak la, Jezi te deja konnen lè l te rive pou l kite lemonn pou l ale kote Papa l, li te toujou renmen moun li chwazi pou disip li yo. Lè sa a, li ba yo yon prèv lanmou san mezi.

Pandan yo t ap manje nan aswè, lè sa a, Satan te gentan mete nan kè Jida, pitit Simon Iskaryòt la, pou l trayi Jezi. Poutèt Jezi konnen Papa l te remèt li tout bagay, se Bondye ki te voye l epi l ap retounen jwenn Bondye, li leve kote yo t ap manje a, li wete rad li epi li pran yon twal fè sèvyèt mare ren li. Apre sa, li vide dlo nan yon veso, li pran lave pye[a] disip li yo, epi siye yo ak twal li te mare ren l lan.

Li te rive sou Simon Pyè pou l lave pye l. Pyè di l konsa: “Ou menm Senyè, lave pye m!”

Jezi reponn li: “Sa m ap fè la a ou poko ka konprann sa kounye a, ou va konprann sa apre.”

Pyè di l konsa: “Lave pye m menm! Sa p ap fèt pyès!”

Lè sa a Jezi di li: “Si m pa lave w, ou pa kapab asosye avè m.”

Simon Pyè reponn: “Si se konsa, se pa pye m pou w lave sèlman, lave ni men m ni tèt mwen tou!”

10 Jezi di l konsa: “Yon moun ki benyen deja, li pa bezwen lave kò l ankò, paske tout kò l gentan pwòp, se pye l sèlman li bezwen lave. Nou pwòp deja, men se pa nou tout.” 11 Li te konnen ki moun ki te gen pou trayi l la, se poutèt sa li di: “Se pa nou tout ki pwòp.”

12 Lè Jezi fin lave pye disip yo, li remete rad li sou li, li chita ankò bò tab la, epi li di: “Èske nou konprann sa m sot fè pou nou la a? 13 N ap rele m Mèt ak Senyè. Nou byen fè, se sa mwen ye vre. 14 Si mwen menm ki Senyè ak Mèt, mwen lave pye nou, nou menm tou, nou youn dwe lave pye lòt. 15 Paske se yon egzanp mwen ban nou. Sa mwen fè pou nou an se pou nou youn fè l pou lòt. 16 An verite, an verite, mwen di nou, yon esklav pa pi gran pase mèt li, ni yon komisyonè pi gran pase moun ki voye l la. 17 Si nou konnen bagay sa yo, nou se moun ki beni anpil, men se si nou fè sa.

18 Pawòl m ap di la a pa konsène tout moun. Mwen konnen kilès mwen chwazi. Men pou Bib la kapab akonpli: Moun k ap manje pen avèk mwen an leve kont mwen.[b] 19 Depi kounye a mwen di nou sa anvan l rive. Konsa, lè sa va rive, nou va kwè mwen se Mesi a vre.[c] 20 An verite, an verite, mwen di nou: moun ki resevwa moun mwen voye, se mwen li resevwa, men moun ki resevwa m, se moun ki voye m nan li resevwa.”

Jezi fè konnen kilès ki va leve kont li

(Mat 26:20-25; Mak 14:17-21; Lik 22:21-23)

21 Lè l fin pale konsa, li te santi l boulvèse anndan l, epi li di yo aklè: “An verite, an verite, mwen di nou: gen youn nan nou k ap trayi m.”

22 Disip yo te pran gade youn lòt, yo pa t konnen pou kilès nan yo Jezi di pawòl sa a. 23 Youn nan disip yo ki te bò tab la, sa Jezi te renmen anpil la, li te chita kòtakòt ak Jezi. 24 Simon Pyè fè disip sa a yon siy pou l mande Jezi pou kilès nan yo l ap pale.

25 Disip la panche bò zòrèy Jezi, li di l: “Senyè, se kilès?”

26 Jezi reponn li: “Moun ou va wè m tranpe yon moso pen ba li a.” Lè sa a, li plonje yon moso pen nan asyèt la epi li lonje l bay Jida Iskaryòt, pitit Simon an. 27 Apre moso pen sa a, satan antre nan Jida. Lè sa a, Jezi di l: “Sa ou ap fè a fè l vit.” 28 Pèsonn sou tab la pa t konprann pou kisa li te di Jida sa. 29 Kòm Jida te responsab kès la, kèk moun te panse Jezi te di li, al achte sa w gen pou achte pou fèt la, oubyen bay pòv yo kichòy.

30 Jida limenm, li fin pran moso pen tranpe a, li leve soti lamenm, li te lannuit fènwa.

Jezi pale sou lanmò li

31 Lè Jida soti, Jezi di konsa: “Kounye a yo pral glorifye Pitit Lòm nan, li menm li glorifye Bondye nan lavi l. 32 Poutèt Pitit la te glorifye Bondye Papa a nan lavi l, talè konsa, Papa a pral glorifye Pitit la nan li menm.

33 Zanmi m yo, mwen p ap pase anpil tan ak nou ankò. Nou va chache m, men, menm jan m te di lidè Jwif yo, mwen di nou sa tou, nou p ap kapab vini kote m prale a.

34 M ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou renmen youn lòt. Se pou nou renmen youn lòt menm jan m renmen nou an. 35 Tout moun va konnen nou se disip mwen, si nou youn renmen lòt.”

Jezi di Pyè gen pou renye l

(Mat 26:31-35; Mak 14:27-31; Lik 22:31-34)

36 Simon Pyè mande Jezi: “Senyè, kote w prale?”

Jezi reponn li: “Kote m prale a ou pa kab swiv mwen kounye a, men ou va swiv mwen pita.”

37 Pyè di l konsa: “Senyè, pou kisa m pa kapab swiv ou kounye a? M prèt pou m bay lavi m pou ou.”

38 Jezi reponn li: “Ou ap bay lavi w pou mwen? An verite, an verite, m ap di w: anvan kòk chante, ou ap gen tan fè sèman di ou pa konnen m.”

Footnotes

  1. 13:5 lave pye Yon koutim nan sosyete a nan premye syèk la, paske moun yo te mete sandal nan pye yo nan tout kalte wout plen ak labou oubyen pousyè. Anvan yo te antre nan kay la, yon esklav te dwe lave pye yo. Se te yon bagay byen imilyan, se yon sèvitè oubyen yon esklav ki te konn fè sa. (Menm bagay nan v. 6-14.)
  2. 13:18 leve kont mwen Literalman, “leve talon kont mwen”. Fraz sa a vle di “vire do ban mwen”, “leve kont mwen”, “trayi m”. Sitasyon sa a soti nan Sòm 41:9.
  3. 13:19 mwen se Mesi a vre Literalman, “Mwen se li”. Ekspresyon sa a, se menm bagay ak non Bondye ki itilize nan Ansyen Testaman an. Gade nan Egz 3:14 epi tou Eza 41:4; 43:10. Li kapab vle di tou “se men menm ki,” sa vle di “Se mwen menm ki Mesi a.”