Add parallel Print Page Options

18 ¶ Lè Jezi fin pale konsa, li pati avèk disip li yo, li al lòt bò ti ravin Sedwon an. Te gen yon jaden la. Jezi antre nan jaden an avèk disip li yo.

Jida, nonm ki te gen pou trayi l' la, te konnen ti kote sa a tou paske Jezi te konn vin la anpil fwa ak disip li yo.

Se konsa, Jida al nan jaden an. Li te gen yon kolonn sòlda ansanm ak kèk gad avè li. Se chèf prèt yo ak gwoup farizyen yo ki te voye yo avè li. Yo tout te gen zam, yo t'ap pote fannal ak gwo chandèl tou limen.

Jezi menm ki te konnen sa ki te pou rive l' la, mache sou yo, li mande yo: Ki moun n'ap chache?

Yo reponn li: Jezi, nonm Nazarèt la. Jezi di yo: Se mwen. Jida, nonm ki t'ap trayi l' la, te la avèk yo.

Lè Jezi di yo: Se mwen, yo renka kò yo dèyè, yo tonbe atè.

Lè sa a, Jezi mande yo ankò: Ki moun n'ap chache? Yo di l': Jezi, nonm Nazarèt la.

Jezi reponn yo: Mwen pa deja di nou se mwen menm. Si se mwen n'ap chache, kite lòt mesye sa yo al fè wout yo.

Se konsa pawòl li te di a rive vre: Nan tout moun ou te ban mwen yo, Papa, yonn menm pa pèdi.

10 Simon Pyè te gen yon nepe sou li, li rale l', li frape domestik granprèt la, li sote zòrèy dwat li. (Yo te rele domestik la Malkis.)

11 Men, Jezi di Pyè konsa: Mete nepe ou la nan djenn li. Eske se pa pou m' bwè gode soufrans Papa a ban m' bwè a?

12 Kolonn sòlda yo, kòmandan an ansanm ak gad jwif yo mete men sou Jezi, yo mare li.

13 ¶ Premye kote yo mennen l', se kay An. An te bòpè Kayif ki te granprèt pou lanne a.

14 Se Kayif sa a ki te bay jwif yo konsèy sa a: Li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou tout pèp la!

15 Simon Pyè te swiv Jezi ansanm ak yon lòt disip. Disip sa a te yon konesans granprèt la. Se konsa li te antre anmenmtan ak Jezi nan lakou granprèt la.

16 Pyè menm te rete deyò, bò pòt la. Lè sa a, lòt disip la, ki te yon konesans granprèt la, soti deyò, li pale ak fanm ki t'ap veye pòt la, li fè Pyè antre.

17 Sèvant ki t'ap veye pòt la di Pyè konsa: Ou menm tou, ou se yonn nan disip nonm sa a. Pyè reponn li: Non. Mwen pa disip nonm sa a.

18 Domestik yo ak gad yo te limen dife, yo tout te kanpe bò dife a, yo t'ap chofe kò yo paske te fè frèt. Pyè te kanpe la avèk yo, li t'ap chofe kò l' tou.

19 Granprèt la poze Jezi keksyon sou disip li yo ak sou sa l' t'ap moutre yo.

20 Jezi reponn li: Mwen te pale an piblik pou tout moun tande. Se nan sinagòg yo ak nan tanp lan, kote tout jwif yo sanble, se la mwen toujou moutre sa pou m' te moutre a. Mwen pa janm di anyen an kachèt.

21 Poukisa w'ap keksyonnen m' konsa? Mande moun ki te tande m' yo sa m' te di yo. Yo menm yo konnen sa m' te di.

22 Antan Jezi t'ap di pawòl sa yo, yon gad ki te kanpe la bò kote l' ba l' yon souflèt. Li di li: Se konsa w'ap reponn granprèt la?

23 Jezi reponn li: Si m' pale mal, moutre moun yo sa m' di ki mal la a. Men, si m' pale byen, poukisa ou frape mwen?

24 Apre sa, An voye Jezi tou mare ale lakay Kayif, granprèt la.

25 Pandan tout tan sa a, Simon Pyè te kanpe la ap chofe dife. Yo di li: Ou menm tou, ou se yon disip nonm sa a. Men, Pyè demanti sa, li di: Non. Mwen pa disip nonm sa a.

26 Yonn nan domestik granprèt la ki te fanmi nonm Pyè te koupe zòrèy la, di konsa: Eske mwen pa t' wè ou nan jaden an avè li?

27 Pyè di ankò se pa vre. Lamenm yon kòk chante.

28 ¶ Apre sa, soti kay Kayif, yo mennen Jezi nan palè Gouvènè a. Se te granmtimaten. Men, jwif yo pa t' antre nan palè a. Yo pa t' vle mete tèt yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye yo. Sa ta ka anpeche yo manje manje Delivrans lan.

29 Se poutèt sa, Pilat, gouvènè a, te blije soti vin jwenn yo deyò a. Li mande yo: Kisa nou di nonm sa a fè?

30 Yo reponn li: Si nonm sa a pa t' yon malfektè, nou pa ta mennen l' ba ou.

31 Pilat di yo: Poukisa nou pa pran l' nou menm, pou nou jije l' dapre lalwa nou? Jwif yo reponn li: Nou pa gen dwa touye pesonn.

32 Se konsa pawòl Jezi te di lè l' t'ap fè konnen jan l' tapral mouri a, tapral rive vre.

33 Lè sa a, Pilat antre nan palè a, li rele Jezi, li mande li: Eske se wa jwif yo ou ye?

34 Jezi reponn li: Eske ou di sa paske ou fè lide sa a ou menm, osinon èske se lòt moun ki di ou sa?

35 Pilat reponn li: Eske se jwif mwen ye, mwen menm? Se pwòp moun peyi ou ansanm ak chèf prèt yo ki mennen ou ban mwen? Kisa ou fè?

36 Jezi reponn: Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. Si gouvènman peyi kote m' wa a te tankou gouvènman peyi ki sou latè, sèvitè m' yo ta goumen pou mwen. Yo pa ta kite m' tonbe nan men jwif yo. Non. Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè.

37 Lè sa a, Pilat di li: Si se konsa, ou se wa vre? Jezi reponn li: Se ou ki di li. Wi, se wa mwen ye. Mwen fèt pou m' di verite a jan li ye a. Wi, se pou sa menm mwen vin sou latè. Tout moun ki patizan laverite ap koute vwa mwen.

38 Pilat reponn li: Laverite? Kisa l' ye? Lè l' fin di sa, Pilat soti ankò, li al jwenn jwif yo. Li di yo: Mwen pa wè rezon pou m' kondannen nonm sa a.

39 Dapre koutim nou genyen, mwen toujou lage yon prizonye pou fèt Delivrans lan ban nou. Eske nou ta vle m' lage wa jwif yo ban nou?

40 Lè sa a, yo tout pran rele: Non. Nou pa vle li. Se Barabas nou vle! Barabas sa a te yon bandi.

Yo arete Jezi

(Mat 26:47-56; Mak 14:43-50; Lik 22:47-53)

18 Lè Jezi fin pale konsa, li ale ansanm ak disip li yo lòtbò ravin ki rele Sedwon an. Te gen yon jaden la, li antre ak disip li yo ladan l.

Men, Jida ki t ap trayi l la te konnen jaden sa a, paske Jezi te konn reyini la avèk disip li yo. Li mache alatèt ploton sòlda women yo ak gad tanp lan, chèf prèt yo ak Farizyen yo te voye vin arete Jezi. Yo antre nan jaden an ak dife, lanp epi ak zam.

Poutèt Jezi te konnen tout sa k te gen pou rive, li avanse sou yo epi l mande yo: “Kimoun n ap chache?”

Yo reponn li: “Jezi, moun Nazarèt la.”

Li di yo: “Se mwen menm.”[a] Jida ki t ap trayi l la te avèk yo. Kou Jezi di yo: “Se mwen menm,” yo fè bak epi yo tonbe atè.

Jezi mande yo ankò: “Ki moun n ap chache?”

Yo reponn: “Jezi, moun Nazarèt la.”

Jezi reponn yo: “Mwen di nou se mwen. Si se mwen n ap chache, kite moun sa yo ale.” Se konsa pawòl Jezi te di a te dwe akonpli: “Mwen pa pèdi okenn nan sa ou te ban mwen yo.”

10 Lè sa a, Simon Pyè te gen yon nepe, li rale l, li fè yon kou sou sèvitè Chèf prèt la, zòrèy dwat la koupe. Sèvitè sa a te rele Malkis. 11 Men, Jezi di Pyè: “Mete nepe a nan fouwo l tande! Èske m pa dwe pran mezi soufrans[b] Papa a ban mwen an?”

Yo mennen Jezi devan Àn

(Mat 26:57-58; Mak 14:53-54; Lik 22:54)

12 Ploton sòlda yo, kòmandan an ak gad tanp lan mete men sou Jezi, yo mare l byen mare. 13 Premye kote yo mennen l se lakay Àn. Àn se te bòpè Chèf prèt la ki te rele Kayif nan lane sa a. 14 Se te menm Kayif sa a ki te bay Jwif yo konsèy la, lè l te di: “Gen plis avantaj pou yon sèl moun mouri pou pèp la.”

Pyè di li pa konnen Jezi

(Mat 26:69-70; Mak 14:66-68; Lik 22:55-57)

15 Simon Pyè ak yon lòt disip te swiv Jezi. Poutèt lòt disip sa a se te yon moun Chèf prèt la te konnen, li te antre avèk Jezi nan lakou Chèf prèt la. 16 Pyè li menm te rete deyò, toupre baryè a. Lòt disip la, sa Chèf prèt la te konnen an, soti, epi li pale ak fanm ki t ap veye baryè a epi li fè Pyè antre. 17 Sèvant sa a ki t ap veye baryè a di Pyè konsa: “Èske ou menm tou ou pa youn nan disip nonm sa a?”

Pyè reponn: “Mwen pa disip nonm sa a.”

18 Tout sèvitè yo ansanm ak gad tanp lan te fè yon dife ak bwa, paske l te fè frèt, yo t ap chofe kò yo. Pyè te kanpe bò kote mesye yo ap chofe kò l tou.

Gran prèt la kesyonnen Jezi

(Mat 26:59-66; Mak 14:55-64; Lik 22:66-71)

19 Chèf prèt la kòmanse poze Jezi kesyon sou disip li yo epi sou sa li te konn anseye moun. 20 Jezi reponn: “Mwen te pale an piblik ak lemonn, mwen toujou anseye nan Sinagòg yo epi nan tanp lan kote tout Jwif yo konn rasanble, mwen pa di anyen ankachèt. 21 Pou kisa se mwen ou poze kesyon? Mande moun ki konn koute m yo sa m konn di. Yo konnen byen sa m konn di.”

22 Lè Jezi di sa, youn nan gad yo bay Jezi yon bèl kalòt, epi li di l: “Se konsa ou ap reponn Chèf prèt la?”

23 Jezi reponn li: “Si m mal pale, montre sa m di ki mal; men si m byen pale, pou kisa ou ap ban m kou?”

24 Apre sa, Àn voye Jezi byen mare bay Kayif, Chèf prèt la.

Pyè manti ankò

(Mat 26:71-75; Mak 14:69-72; Lik 22:58-62)

25 Men, Simon Pyè te toujou kanpe la ap chofe kò l. Yon moun di l konsa: “Èske ou menm ou pa ta youn nan disip li yo?”

Pyè nye sa, li di: “Mwen pa disip mesye a!”

26 Youn nan sèvitè Chèf prèt la, yon fanmi nonm Pyè te koupe zòrèy li a, di l konsa: “Èske m pa t wè w nan jaden an ak li?”

27 Pyè nye sa yon lòt fwa ankò, epi menm lè a, yon kòk chante.

Yo mennen Jezi bay Pilat

(Mat 27:1-2,11-31; Mak 15:1-20; Lik 23:1-25)

28 Lè sa a, yo mennen Jezi soti lakay Kayif ale nan katye jeneral gouvènè a. Li te fenk ap fè jou. Moun ki te mennen l yo pa t antre nan katye jeneral gouvènè a. Si yo te antre yo pa t ap pwòp[c] pou manje nan manje fèt Pak la. 29 Pilat soti vin jwenn yo deyò epi li di yo: “Ki sa nonm sa a fè ki mal?”

30 Yo reponn li: “Si nonm nan pa t fè sa ki mal, nou pa t ap arete l mennen ba ou.”

31 Lè sa a, Pilat di yo: “Enben, pran l, jije l nou menm dapre lwa pa nou.”

Jwif yo di l konsa: “Men gouvènman women an pa pèmèt nou touye pèsonn kòm chatiman.” 32 Se konsa pawòl Jezi sou fason l te dwe mouri a te gen pou l akonpli.[d]

33 Pilat antre ankò nan palè a. Li rele Jezi epi li di l: “Èske ou se wa Jwif yo?”

34 Jezi di l konsa: “Èske ou panse poze m kesyon sa a ou menm oubyen se moun ki di w sa de mwen?”

35 Pilat reponn: “Èske mwen se Jwif, mwen menm? Moun pwòp ras ou yo, Chèf alatèt prèt yo arete w voye ban mwen! Ki sa w fè?”

36 Jezi reponn li: “Se pa lemonn ki te ban m otorite pou m wa. Si se te lemonn ki te ban m otorite pou m wa, moun pa m yo ta batay pou Jwif yo pa t mete men sou mwen. Men, sa klè, otorite m kòm wa pa soti isiba.”

37 Lè sa a, Pilat di li: “Ki fè, se wa ou ye?”

Jezi reponn li: “Se ou ki di mwen se wa?” Mwen fèt epi mwen vini nan lemonn pou m pale pou verite a. Nenpòt moun ki moun verite a koute sa m ap di.

38 Pilat di l konsa: “Ki sa verite a ye?” Apre sa, li soti deyò ankò al jwenn Jwif yo, li di yo: “Pou mwen menm, mwen pa jwenn okenn bagay li fè ki mal. 39 Men, poutèt chak fèt Pak nou abitye lage yon prizonye pou nou, èske nou vle m lage wa Jwif yo?”

40 Lè sa a, yo pran kriye konsa: “Pa li menm. Ban nou Barabas!” Barabas la se te yon revolisyonè.

Footnotes

  1. 18:5 Se mwen menm Ekspresyon sa a te ka gen menm sans isit la, menm jan ak nan 8:24, 28, 58; 13:19. Menm bagay nan vèsè 8.
  2. 18:11 pran mezi soufrans Literalman, “bwè nan gode”. Jezi itilize ekspresyon sa a pou di li aksepte mezi soufrans li t ap ale sibi nan yon ti kras tan ankò.
  3. 18:28 pa t ap pwòp Antre nan kote moun ki pa Jwif yo te ye, sa ta detwi pirifikasyon espesyal Jwif te konn fè pou yo te kapab pwòp ase pou adore Bondye. Gade nan Jan 11:55.
  4. 18:32 Jezi te gentan di se krisifye yo t ap krisifye l pou l mouri, sa se dapre lalwa Women yo, men se pa dapre lalwa Jwif yo. Gade nan Jan 12:32 ansanm ak nòt ki ladan l.