Add parallel Print Page Options

¶ Mwen vle fè nou konnen ki kalite batay m'ap mennen pou nou, pou tout moun ki nan lavil Lawodise ak pou tout lòt moun yo ki poko konn figi mwen.

M'ap goumen pou yo ka gen fòs ak kouraj plen kè yo, pou yo fè yonn nan renmen Bondye a, pou yo gen yon bon konprann k'ap ba yo anpil konfyans devan Bondye. Konsa yo menm tou, y'a konnen sekrè travay Bondye a, ki vle di Kris la.

Se nan li tout richès ki nan bon konprann ak konesans Bondye a kache.

¶ Mwen di nou sa pou nou pa kite pesonn twonpe nou ak yon bann pawòl ki sanble verite.

Paske, si mwen pa la avèk nou nan kò m', mwen la nan lespri mwen. Mwen kontan wè jan nou rete nan lòd, jan nou kenbe fèm nan konfyans nou gen nan Kris la.

Se konsa, nou menm ki asepte Kris la pou Seyè nou an, se pou nou viv yon jan ki dakò ak li.

Se pou nou anrasinen nan li, se pou nou bati tout lavi nou sou li. Kenbe pi fèm toujou nan konfyans nou gen nan li, jan yo te moutre nou sa, san nou pa janm sispann di Bondye mèsi.

Fè atansyon pou nou pa kite pesonn twonpe nou ak bèl diskou filozòf yo, ak diskisyon ki pa vo anyen. Bagay sa yo soti nan koutim lèzòm, nan jan yo konprann bagay ki nan lemonn. Yo pa soti nan Kris la.

Se nan lavi Kris la t'ap mennen nan kò li a nou jwenn tou sa Bondye ye.

10 Nou menm tou, Bondye la nan tout lavi nou, paske n'ap viv nan Kris la ki chèf tout lespri ki gen otorite ak pouvwa.

11 Nou menm k'ap viv ansanm nan Kris la, nou te sikonsi tou. Men, se pa t' moun ki te sikonsi nou. Sikonsizyon sa a soti nan Kris la ki delivre nou anba pouvwa lachè ki t'ap fè nou fè sa ki mal.

12 Wi, lè yo te batize nou, nou te antere ansanm ak Kris la. Apre sa, nou leve soti vivan ansanm avè l' tou, paske nou te kwè nan pouvwa Bondye ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò.

13 ¶ Nan tan lontan, nou te mouri paske nou t'ap viv nan peche nou yo, paske nou pa t' sikonsi nan kò nou dapre lalwa Moyiz. Men koulye a, gremesi Kris la, Bondye ban nou lavi ankò, li padonen tout peche nou yo.

14 Li chire papye kote tou sa nou te dwe l' yo ekri a. Papye sa a te kondannen nou devan lalwa. Kris la detwi l' nèt lè li kloure l' sou kwa a.

15 Avèk Kris la ki mouri sou kwa a, Bondye wete tout pouvwa ak tout otorite lespri yo te genyen nan lemonn. Li fè tout moun wè sa yo ye. Li fè yo mache tankou prizonye devan Kris la ki te genyen batay la.

16 ¶ Se sak fè, pa kite pesonn kritike nou pou sa n'ap manje, pou sa n'ap bwè, pou jou nou mete apa pou fè fèt, pou fèt lalin nouvèl, osinon pou jou repo.

17 Tou sa se lonbraj bagay ki te gen pou vini yo; bagay tout bon yo se nan Kris la yo ye.

18 Se poutèt sa, moun nou wè k'ap sèvi zanj epi ki swadizan p'ap vante tèt yo, pa kite moun konsa konprann pou yo wete rekonpans nou nan men nou. Moun konsa toujou ap rakonte vizyon yo te fè. Pou anyen, yo gonfle ak lògèy poutèt yon bann lide lèzòm yo mete nan tèt yo.

19 Moun konsa p'ap viv ansanm ak Kris la ki tèt kò a. Se Kris la k'ap nouri tout kò a, k'ap kenbe l' byen kanpe ak tout jwenti l' ak tout venn li yo byen solid. Se li menm k'ap fè l' grandi jan Bondye vle l' la.

20 Se konsa, si nou mouri ansanm ak Kris la ki te delivre nou anba pouvwa lespri k'ap donminen nan lemonn yo, poukisa pou n'ap viv tankou si nou te toujou anba pouvwa ki nan lemonn yo? Poukisa pou nou kite yo soumèt nou anba prensip tankou sa ki di:

21 pa pran sa, pa goute sa, pa manyen sa?

22 Tout bagay sa yo, fini ou fin fè yo, yo pa fè anyen pou ou. Se lèzòm ki mande bagay konsa, se yo ki moutre bagay sa yo.

23 Se vre, bagay sa yo sanble yo bon, paske sa mande moun anpil volonte pou yo pran pòz sèvi zanj yo konsa, pou yo pran pòz pa vante tèt yo, pou yo fè bagay pou swadizan kraze pouvwa lachè nan kò yo. Men, tou sa pa vo anyen. Paske, atousa, yo pa ka rive donmennen egzijans lachè a.

Mwen ta vle nou konnen byen ki kalite batay m ap batay pou nou menm, pou moun Lawodise yo ansanm ak tout lòt moun ki pako menm konnen m yo. M ap fè sa pou m ankouraje yo, pou yo ka fè yon sèl nan lanmou epi pou yo gen anpil bon konprann tou. Lè sa a, y ap konnen pwojè sekrè Bondye a. Sekrè sa a, se Kris menm. Se nan Kris ki genyen tout richès lasajès ak konesans.

M ap di nou sa pou okenn moun pa pran tèt nou ak bèl diskou. Paske, menm lè mwen byen lwen, nou toujou nan panse m. M kontan pou m wè bon jan disiplin ki genyen nan mitan nou epi kijan lafwa nou solid nan Kris la.

Kontinye viv nan Kris

Konsa, poutèt nou te aksepte Jezikris kòm Senyè nou, kontinye viv nan kominyon avè l. Nou dwe depann de Kris la sèlman epi chache jwenn lavi ak fòs nou nan li. Se pou n kontinye devlope bon konprann nou nan li nan fason yo te ansenye nou vrè lafwa a. Anplis, pa janm sispann di Bondye mèsi.

Pran prekosyon pou okenn moun pa pran tèt nou ak bèl pawòl, bèl diskou ki pa gen ni pye ni tèt. Bagay sa yo se ansèyman ki chita sou tradisyon moun, ki chita sou fòs sistèm panse k ap dirije mond lan. Ansèyman sa yo pa soti nan Kris. Mwen di sa, paske tout sa Bondye ye, li parèt aklè nan kò fizik Jezikris san manke anyen. 10 Nou menm tou, nou pa manke anyen, poutèt lavi nou ki an kominyon ak Kris la. Se Kris ki chèf sou tout chèf ak tout otorite.

11 Lè nou te vin jwenn Kris, nou te sikonsi yon fason ki pa menm ak fason yo sikonsi moun ak men. Sa vle di, nou te pran pa nan lanmò Kris la. Yo te maltrete kò li epi nou te vin menm jan avè l, nou te sikonsi menm jan li te sikonsi a. 12 Lè n te batize, nou te mouri epi antere ansanm avè l, nou te resisite ansanm avè l tou poutèt lafwa nou nan puisans Bondye.

13 Nou menm, se moun mouri nou te ye poutèt fot nou yo ak poutèt nou pa t sikonsi. Men Bondye resisite nou ansanm ak Kris. Li padone tout fot nou yo. 14 Li anile dokiman kote kondanasyon nou te siyen an: li te elimine l, lè l te mouri sou kwa a. 15 Se konsa Bondye dezame tout otorite ak pouvwa espirityèl yo. Li avili yo an piblik devan je tout moun tankou prizonye.

Nouvo lavi n ap mennen an soti nan Kris sèlman

16 Depi lè sa a, pèsonn pa gen dwa jije nou sou sa n ap manje oubyen sou sa n ap bwè, sou jou fèt yo, sou zafè nouvèl lin, oubyen sou kesyon saba: 17 tout bagay sa yo se te lonbray sa ki te gen pou vini. Men sa ki reyèl la se nan Kris li ye. 18 Gen kèk moun ki renmen fè aktivite yo pa renmen vre pou yo ka fè moun wè yo gen imilite. Yo di y ap patisipe nan adorasyon anj yo.[a] Y ap di se nan vizyon yo wè bagay sa yo. Pa okipe yo lè y ap di nou gen tò paske nou pa fè kalite bagay konsa. Se paske yo pa gen bon konprann ki fè yo santi yo fyè konsa, paske tout bagay sa yo chita sou tradisyon lachè. 19 Kris se tèt la, men yo pa konekte nan li. Poutan se tèt la ki bay kò a sa l bezwen. Grenmesi tèt la, tout jwenti yo ak tout venn yo travay pou kenbe kò a byen anfòm. Epi se Bondye ki fè yo fè kò a grandi.

20 Nou se moun ki mouri ak Kris. Fòs ki nan mond lan pa vo anyen pou nou. Poutan n ap viv tankou moun ki nan lemonn toujou. Pou kisa se bann règ sa yo k ap gide lavi nou? 21 Règ ki di: “Pa manje sa, pa goute sa, pa touche”? 22 Tout bagay sa yo ap pase apre yo fin pase mòd! Se yon bann prensip moun fè epi yo ansenye yo. 23 Se vre, kalite prensip sa yo sanble ak prensip sajès. Poutan, se yon bann prensip ki pa vo anyen. Yo itil nan satisfè dezi feblès lachè yo sèlman.

Footnotes

  1. 2:18 patisipe nan adorasyon anj yo Oubyen “adorasyon anj yo”.