Add parallel Print Page Options

¶ Teofil chèf mwen, anpil moun te seye ekri istwa tout evènman ki te pase nan mitan nou yo.

Yo te rakonte yo jan nou te aprann yo nan bouch moun ki te wè yo ak pwòp je yo depi nan konmansman, moun ki te resevwa lòd mache fè konnen pawòl Bondye a.

Se konsa, mwen menm tou, mwen chache konnen tout bagay sa yo byen depi nan konmansman yo. Koulye a, mwen kwè se yon bon bagay pou m' ekri yo tout, yonn apre lòt, jan sa te pase a pou ou menm tou, chèf mwen.

Konsa wa kapab rekonèt tou sa yo te moutre ou yo se verite yo ye.

¶ Nan tan Ewòd te wa nan peyi Jide a, te gen yon prèt yo te rele Zakari. Li te fè pati gwoup prèt Abiya yo. Madanm li te rele Elizabèt: se te yon moun ras Arawon, ansyen granprèt la.

Yo tou de te mache dwat devan Bondye, yo t'ap swiv kòmandman Mèt la ansanm ak tout lalwa a san ankenn repwòch.

Men, yo pa t' gen pitit paske Elizabèt pa t' kapab fè pitit. Yo tou de te fin vye granmoun.

Yon jou, Zakari te desèvis kou prèt devan Bondye, paske se te tou gwoup pa l' la.

Dapre koutim sèvis la, yo te tire osò pou chwazi yonn nan prèt yo pou antre nan tanp Mèt la pou ofri lansan an. Twouve fwa sa a, se Zakari ki te soti.

10 Tout mas pèp la t'ap lapriyè deyò, antan Zakari menm te anndan ap ofri lansan an.

11 Vwala, yon zanj Bondye parèt devan Zakari; li te kanpe sou bò dwat lotèl kote yo boule lansan an.

12 Lè Zakari wè l', li sezi; li te pè anpil.

13 Men zanj lan di li: Pa pè, Zakari. Bondye te tande lapriyè ou la. Elizabèt, madanm ou, pral ba ou yon pitit gason; ou va rele l' Jan.

14 Ala kontan wa kontan lè pitit sa a va fèt! Anpil lòt moun va kontan tou lè sa a.

15 L'ap yon grannèg devan Bondye, Mèt la; li p'ap bwè ni diven, ni ankenn alkòl. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri a.

16 L'ap fè anpil moun nan pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Mèt la, Bondye yo a.

17 L'ap mache devan Bondye nan menm lespri ak menm pouvwa pwofèt Eli te genyen an. L'ap fè papa vin byen ankò ak pitit; l'ap fè moun ki rebèl rive gen konprann tankou moun k'ap obeyi Bondye, l'ap pare yon pèp byen dispoze pou resevwa Mèt la.

18 Zakari di zanj lan konsa: Ki jan pou m' fè kwè sa w'ap di m' la a se vre? Ala mwen fin vye, madanm mwen fin vye granmoun tou.

19 Zanj lan reponn li: Mwen se Gabriyèl ki toujou kanpe nan sèvis devan Bondye. Se Bondye menm ki voye m' pale avè ou, pou m' pote bon nouvèl sa a ba ou.

20 Men, paske ou pa kwè pawòl mwen yo ki gen pou rive nan tan yo, ou pral vin bèbè, ou p'ap ka pale jouk jou bagay sa yo va rive.

21 Tout tan sa a, pèp la menm t'ap tann Zakari; yo te sezi wè jan l' te mize nan tanp lan.

22 Men, lè Zakari soti, li pa t' kapab pale avèk yo. Lè sa a yo vin konprann li te gen yon vizyon nan tanp lan. Li t'ap fè yo yon bann siy ak men l', men li pa t' kapab pale.

23 Lè tan sèvis li fini, Zakari tounen lakay li.

24 Kèk tan apre sa, Elizabèt, madanm li, vin ansent. Li fè senk mwa kache lakay; li t'ap di:

25 Gade sa Mèt la fè pou mwen non! Se koulye a sa fè l' plezi pou l' wete dezonè m' devan lèzòm.

26 ¶ Sou sizyèm mwa gwosès Elizabèt la, Bondye voye zanj Gabriyèl nan yon vil nan peyi Galile yo rele Nazarèt.

27 Bondye te voye l' kay yon jennfi ki te fiyanse ak yon nonm yo rele Jozèf. Jozèf sa a, se te moun ras David. Yo te rele jennfi a Mari.

28 Zanj lan antre lakay Mari, li di li: Bonjou, Mari, ou menm ki resevwa anpil favè. Mèt la avèk ou.

29 Lè Mari tande pawòl sa yo, tèt li te boulvèse, li t'ap mande nan kè l' kisa bonjou sa a te vle di.

30 Men, zanj lan di li: Pa pè, Mari. Ou jwenn favè nan men Bondye.

31 Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi.

32 L'ap vin yon grannèg, y'a rele li Pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Mèt la, Bondye nou, va fè l' wa tankou David, gran granpapa li.

33 La gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l' lan p'ap janm fini.

34 Mari di zanj lan konsa: Ki jan sa pral fè rive? Ala mwen poko janm konn gason!

35 Zanj lan reponn li: Sentespri a pral vin sou ou; pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbraj. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l' Pitit Bondye.

36 Ou konnen Elizabèt, fanmi ou lan? Atout li fin vye a, men l' ansent yon pitit gason. Yo te di l' pa t' kapab fè pitit, men li deja sou sis mwa gwosès.

37 Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè.

38 Mari di li: Men mwen, se sèvant Mèt la mwen ye. Mwen swate pou sa rive m' jan ou di a. Epi zanj lan kite li.

39 ¶ Nan menm epòk sa a, Mari soti, li pran chemen pou l' rive byen vit nan yon bouk nan mòn peyi Jide a.

40 Li antre lakay Zakari, li di Elizabèt bonjou.

41 Lè Elizabèt tande Mari di l' bonjou, pitit la pran sote nan vant li. Lamenm Elizabèt vin anba pouvwa Sentespri.

42 Li pran pale byen fò, li di konsa: Nan tout fanm ki sou latè, ou menm ou se yon fanm Bondye beni anpil. Pitit ki nan vant ou a tou Bondye beni li.

43 Kisa m' ye menm, pou manman Mèt mwen vin rann mwen vizit?

44 Gade! Bonjou ou la poko rive nan zòrèy mwen, pitit la pran sote nan vant mwen tèlman li kontan.

45 Ou se yon fanm beni! Paske, ou te kwè tout pawòl Mèt la voye di ou yo gen pou rive vre.

46 Lè sa a Mari di: Nanm mwen ap chante pou Mèt la ki gen pouvwa.

47 Lespri m' pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen.

48 Paske li voye je l' sou mwen, yon sèvant ki soumèt devan li. Wi, depi koulye a, epi pou tout tan, tout moun pral di: Ou se yon fanm Bondye beni!

49 Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou mwen. Non li, se yon non pou tout moun respekte.

50 L'ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li.

51 Li fè lèzòm santi fòs ponyèt li. Li fè moun ki gen lògèy ak gwo lide nan kè yo pèdi tèt yo.

52 Li desann chèf ki te byen chita nan fotèy yo. Li leve moun ki pa gen pretansyon yo.

53 Li bay moun ki grangou yo anpil byen. Li voye rich yo ale san anyen.

54 Li vin pote sekou bay pèp Izrayèl k'ap sèvi l' la. Li pa bliye fè wè jan li toujou gen kè sansib,

55 pou Abraram ansanm ak tout ras li a, dapre pwomès li te fè zansèt nou yo.

56 Mari pase twa mwa konsa ak Elizabèt. Apre sa, li tounen lakay li.

57 ¶ Lè jou pou Elizabèt akouche a rive, li fè yon pitit gason.

58 Vwazinaj ak fanmi l' yo vin konnen jan Mèt la te fè Elizabèt yon gwo favè. Yo te kontan pou li.

59 Sou wit jou, yo te vin pou sikonsi pitit la; yo te vle rele l' Zakari, menm non ak papa li.

60 Men, manman l' di yo: Non, se Jan pou l' rele.

61 Yo di l' konsa: Men, pa gen pesonn nan fanmi ou ki rele Jan.

62 Yo fè papa a siy pou mande l' ki non li ta vle bay pitit la.

63 Zakari mande yo yon ti tablo, epi li ekri: Se Jan ki non li. Yo tout te sezi.

64 Menm lè a bouch li louvri, lang li lage, li t'ap pale, li t'ap chante pou Bondye byen fò.

65 Tout moun ki te nan vwazinaj la te pè; nouvèl la t'ap mache bouch an bouch nan tout mòn Jidè a.

66 Tout moun ki te tande pawòl sa yo t'ap kalkile nan kè yo; yonn t'ap di lòt: Kisa pitit sa a pral ye menm? Pouvwa Bondye a te avèk ti pitit la tout bon vre.

67 ¶ Zakari, papa Jan, vin anba pouvwa Sentespri. Latou, li pran fè konnen pawòl Bondye te mete nan bouch li:

68 Ann chante pou Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. Paske, li vin sove pèp li a, li delivre yo anba esklavaj.

69 Li voye yon moun avek gwo pouvwa pou delivre nou. Se nan laras David, sèvitè Bondye a, li soti.

70 Se sa menm Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan.

71 Li te pwomèt li t'ap delivre nou anba lènmi nou yo, ak anba tout moun ki rayi nou yo.

72 Se konsa la gen pitye pou zansèt nou yo. Li chonje kontra li menm Bondye te pase ak yo a.

73 Dapre sèman li te fè bay Abraram, zansèt nou an.

74 Li te di l' konsa: Lè la fin delivre nou anba lènmi nou yo, la fè nou sèvi l' san nou p'ap bezwen pè.

75 Wi, la fè nou viv apa pou Bondye, la fè nou mache dwat devan li chak jou nan lavi nou.

76 Kanta ou menm, pitit mwen, y'a rele ou: Pwofèt Bondye ki anwo nan syèl la. Paske, wa pran devan Mèt la pou pare chemen an pou li.

77 Ou pral moutre pèp la ki jan l'ap delivre yo, ki jan l'ap padonnen peche yo.

78 Tou sa, paske Bondye nou an gen kè sansib, li renmen nou anpil. L'ap fè yon limyè soti anwo vin klere nou tankou solèy k'ap leve.

79 Li gen pou l' klere tout moun k'ap viv nan fènwa ak nan lonbraj lanmò. Li gen pou l' fè nou mache nan chemen k'ap ban nou kè poze a.

80 Ti pitit la menm t'ap grandi, lespri l' t'ap devlope. Li te rete nan dezè a jouk jou pou l' te parèt an piblik devan pèp Izrayèl la.

Jezi voye apot li yo al nan yon misyon

Chè Teofil,

Anpil lòt moun te gentan eseye ekri plizyè dokiman sou tout sa k te pase nan mitan nou konsènan Jezikris. Yo rapòte nan dokiman sa yo tout temwanyaj ki soti nan bouch moun ki te temwen sa k te pase yo, epi ki vin tounen predikatè pawòl Bondye. Mwen menm tou, m kwè li nòmal, poutèt mwen gentan fè yon bonjan rechèch sou bagay sa yo depi nan kòmansman, pou m ekri yon rapò byen detaye pou ou tou. Mwen deside fè sa pou w ka rive kwè sa yo te anseye w yo se verite a.

Yon anj Bondye vin anonse nesans Janbatis

Nan epòk wa Ewòd t ap renye sou rejyon Jide a, te gen yon sakrifikatè yo te rele Zakari. Li te fè pati yon gwoup sakrifikatè Abija[a] t ap dirije. Madanm Zakari ki te rele Elizabèt te soti nan branch fanmi Arawon, frè Moyiz la. Tou de moun sa yo te mennen lavi yo byen dwat devan Bondye, epi yo te obeyi tout kòmandman Bondye yo. Yo pa t gen pitit, paske Elizabèt pa t ka fè pitit, epi yo te gentan granmoun anpil.

Lè lè a te rive pou gwoup Abija a te pran relèv pou sèvi nan tanp lan, Zakari te la pou ranpli wòl sakrifikatè li devan Bondye. Sakrifikatè yo te fè tiraj osò tankou jan yo te toujou fè dapre koutim yo, epi yo te chwazi Zakari pou l te antre nan tanp Senyè a pou l al boule lansan an. 10 Pandan Zakari t ap boule lansan an anndan an, te gen yon gwo foul moun ki te rasanble deyò a ap lapriyè.

11 Sanzatann konsa, yon anj Senyè a parèt sou Zakari. Zanj lan te kanpe sou bò dwat lotèl pou boule lansan an. 12 Lè Zakari wè anj lan, sa te twouble lespri li epi li te pè anpil. 13 Lè sa a, anj lan di li: Zakari, ou pa bezwen pè, paske Bondye tande priyè w, epi madanm ou Elizabèt pral fè yon pitit gason. Ou a rele ti gason sa a Jan. 14 Ou pral gen lajwa ak kontantman nan kè w. Anpil lòt moun pral rejwi nan kè yo tou poutèt nesans li. 15 Paske ti pitit la pral vin yon moun espesyal nan je Senyè a. Li pa fèt pou l bwè ni diven ni okenn bwason ki gen alkòl. Epi l ap ranpli ak Sentespri Bondye depi nan vant manman l.

16 Se Jan ki pral ede anpil moun nan pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Bondye, Senyè yo a. 17 Li pral mache kòm avangad devan Senyè a, pou l prepare kè yo pou resevwa Senyè a. L ap gen menm lespri ak pwofèt Eli. L ap ede paran yo fè lapè ak pitit yo. L ap ede moun ki dezobeyisan yo mennen yon vi konfòm ak volonte Bondye poutèt jan yo panse. L ap fè tout bagay sa yo pou l ka prepare kè moun yo pou yo rankontre Senyè a.

18 Lè sa a, Zakari di anj lan konsa: “kijan m ap fè konnen si sa w di m nan se vre? Paske m se yon vye granmoun epi madanm mwen se yon vye granmoun tou.”

19 Zanj lan reponn li: “Mwen rele Gabriyèl, se nan prezans Senyè a menm mwen kanpe. Senyè a te voye m vin pale ak ou pou m te ka ba w bòn nouvèl sa a. 20 Men, fòk mwen di w sa tou wi, ou pral bèbè. Ou p ap ka pale jouk tan sa m sot di w la rive, poutèt ou pa t kwè nan pawòl mwen ki gen pou akonpli nan tan ki fikse pou li a.”

21 Moun yo menm ki te deyò a ap tann Zakari, yo te kòmanse kraponnen poutèt Zakari te pran tout tan sa a anndan tanp lan. 22 Lè Zakari te vin soti, li pa t kapab pale ak foul la. Lè sa a, yo vin reyalize li te resevwa yon vizyon anndan an. Se an siy sèlman li t ap kominike ak yo paske li te bèbè. 23 Lè peryòd li te desèvis la te vin fini, Zakari te retounen lakay li.

24 Kèk tan apre sa, Elizabèt madanm Zakari vin ansent. Li fè senk mwa kache anndan kay. Elizabèt di konsa: 25 “Finalman, Senyè a chwazi ede m nan fason sa a. Li sitèlman panche sou ka mwen, li leve kalite wont sa a pou mwen devan je pèp la.”

Yon anj vin anonse nesans Jezi

26 Lè Elizabèt te gen simwa ansent, Bondye voye yon anj ki rele Gabriyèl vin nan yon ti vil ki rele Nazarèt, nan zòn Galile. 27 Zanj lan te vin pale ak yon jèn fi ki pa t ko nan lavi gason ki te rete lavil Nazarèt. Jèn fi sa a te fiyanse ak yon jèn gason yo te rele Jozèf ki li menm te soti nan branch fanmi David. Yo te rele jèn fi sa a Mari. 28 Zanj lan avanse sou Mari epi li di l: “Bonjou! Senyè a avèk ou. Ou se yon moun Bondye beni anpil.”

29 Men, sa anj lan te di a te twouble Mari anpil. Li t ap mande tèt li kisa sa vle di.

30 Epi anj lan di li: “Ou pa bezwen pè, Mari. Ou se yon moun Senyè a fè gras. 31 Tande byen, ou gen pou ou vin ansent epi ou ap fè yon pitit gason. Ou a rele pitit gason sa a Jezi. 32 L ap vin yon moun ki gran. Y a rele l Pitit Bondye ki pi wo nan syèl la. Senyè a ap fè l vin wa tankou David gran gran papa li. 33 L ap renye sou pèp Izrayèl la pou tout tan. Pouvwa li p ap janm fini.”

34 Lè sa a, Mari di anj lan konsa: “Ki jan sa ka fè rive? Mwen se yon moun ki pa ko nan lavi gason.”

35 Zanj lan reponn li: “Sentespri a pral vini sou ou, epi pouvwa Bondye ki pi wo nan syèl la pral kouvri w. Se poutèt sa, pitit ou pral fè a ap sen. Y ap rele l Pitit Bondye. 36 Epi fòk mwen di w sa tou, fanmi ou, Elizabèt, ansent kounye a la a. Malgre li fin granmoun, li pral fè yon pitit gason. Yo te di li pa t kapab fè pitit, epoutan gen simwa la a depi li ansent. 37 Sa rive konsa, paske pa gen anyen ki enposib pou Bondye.”

38 Mari di li: “Se sèvant Senyè a mwen ye. Se pou sa rive m jan ou di a.” Apre sa, Zanj lan ale.

Mari al rann Zakari ak Elizabèt yon vizit

39 Nan menm epòk la, Mari leve, san pèdi tan, li ale nan yon ti vil nan mòn Jide. 40 Mari antre lakay Zakari epi li salye Elizabèt. 41 Menm kote Elizabèt fin tande salitasyon Mari a, pitit ki nan vant Elizabèt la pran sote nan vant li epi Sentespri a ranpli Elizabèt.

42 Li pale byen fò epi li di Mari konsa: “Bondye beni ou pami tout fi, li beni pitit ou ap fè a tou. 43 Ki sa m ye menm, pou manman Senyè m nan vin lakay mwen? 44 Paske menm kote salitasyon ou nan rive nan zòrèy mwen, pitit la pran danse nan vant mwen, tèlman li kontan. 45 Ou se yon moun ki beni, paske ou te kwè sa Senyè a te di w la gen pou rive vre.”

Mari fè lwanj pou Senyè

46 Apre sa Mari di:

“Nanm mwen beni non Bondye.
47     Lespri m rejwi nan Bondye sovè mwen.
48 Malgre mwen pa gen enpòtans,
    Senyè a manifeste favè li anvè mwen, pòv sèvant li a.
Depi kounye a pou jouktan sa fini,
    tout moun ap sonje kijan Bondye beni m anpil.
49 Wi, Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil gwo bagay pou mwen.
    Non li sen anpil.
50 Li toujou gen konpasyon
    pou moun ki gen krentif pou li.
51 Li manifeste pouvwa li nan sa li fè ak men li.
    Moun ki ògeye yo epi ki panse se yon pakèt afè yo ye, li fè yo wont.
52 Li ranvèse wa yo sou twòn yo
    epi li leve tèt moun ki bese byen ba devan li.
53 Li bay moun ki grangou yo manje pou plen vant yo,
    men li voye moun rich yo ale san anyen.
54 Bondye ede Izrayèl pèp li chwazi pou sèvi l la.
    Li pa t janm bliye mizerikòd li.
55 Jan li te di zansèt nou yo,
    Abraram ansanm ak desandan l yo,
    li t ap fè l la, pou tout tan gen tan.”

56 Mari pase anviwon twa mwa lakay Elizabèt, apre sa li tounen lakay li.

Nesans Janbatis

57 Lè lè a te rive pou Elizabèt akouche, li fè yon pitit gason. 58 Lè vwazen l yo ak fanmi l yo pran nouvèl kijan Bondye te manifeste bonte li anvè Elizabèt, sa te fè yo kontan anpil pou li. 59 Lè ti bebe a te gen uit jou, yo te ale pou sikonsi li. Yo te vle rele l Zakari tou pou te leve non papa l. 60 Men, manman l te di: “Non, se Jan pou l rele.”

61 Moun ki te la yo di Elizabèt konsa: “Men, pa gen pèsonn nan fanmi w ki rele Jan.” 62 Lè sa a, yo pale an siy ak papa a, yo mande l: “Ki jan ou ta renmen rele pitit la?”

63 Zakari mande pou yo ba li yon bagay pou l ekri. Epi li ekri, “Non li se jan.” Tout moun te sezi. 64 Apre sa, Zakari te vin ka pale ankò, epi li te kòmanse fè lwanj pou Bondye. 65 Tout moun nan vwazinay la te vin pè pou sa k pase a. Epi nan tout mòn Jide a moun pa t sispann pale koze a. 66 Tout moun ki te pran nouvèl sa k pase a t ap poze tèt yo anpil kesyon. Yo t ap mande tèt yo: “Ki sa ti gason sa a ap devni menm?” Yo te ka wè pouvwa Senyè a te avèk ti gason an.

Zakari fè lwanj pou Bondye

67 Apre sa, Sentespri a te ranpli Zakari, papa Jan, epi li te kòmanse ap bay pèp la yon mesaj ki soti nan Bondye ki di konsa:

68 “Lwanj pou Senyè a, Bondye Izrayèl la.
    Li vin pote konkou bay pèp li a,
    li vin libere yo.
69 Li ban nou yon Sovè ki gen anpil puisans
    ki soti nan branch fanmi sèvitè li David.
70 Se sa menm li te pwomèt
    pa mwayen pwofèt li yo depi nan tan lontan.
71 Li te pwomèt pou l delivre nou anba lènmi nou yo
    anba grif tout moun ki rayi nou yo.
72 Li te di li t ap manifeste konpasyon li anvè gran paran nou yo,
    epi li t ap toujou sonje alyans san defo li te fè ak yo a.
73 Se sa menm li te pwomèt
    gran papa nou Abraram,
74 yon pwomès pou l delivre nou anba puisans lènmi nou yo,
    pou nou kapab sèvi li san kè sote,
75 nan sentete ak nan yon fason ki kòrèk
    devan je li toutotan n ap viv.

76 Kanta pou ou menm, ti gason,
    y a rele w pwofèt Bondye ki pi wo nan syèl la.
    Ou ap gen pou pran devan Senyè a pou prepare chemen an pou li.
77 Ou ap fè pèp li a konnen y ap jwenn delivrans
    nan resevwa padon pou peche yo.

78 Paske Bondye gen kè sansib,
    l ap fè yon limyè[b] soti anwo vin klere nou tankou solèy k ap leve.
79 L ap klere sa yo k ap viv nan fènwa epi ki chita anba lonbray lanmò.
    L ap gide nou nan chemen lapè a.”

80 Ti gason an menm t ap grandi epi li te byen devlope nan lespri l. Li te rete nan dezè a jouktan lè a te rive pou l parèt an piblik pou l preche mesaj Bondye a devan pèp Izrayèl la.

Footnotes

  1. 1:5 gwoup sakrifikatè Abija Yo te divize rès Jwif an 24 gwoup. Gade nan 1 Kw 24.
  2. 1:78 yon limyè Literalman, “yon douvanjou”, otè a itilize l nan ka sa a, pwobableman pou l fè referans ak “Mesi” a.