Add parallel Print Page Options

Jezi avèti moun yo sou sa ki gen pou rive

(Mat 24:1-14; Mak 13:1-13)

Etan kèk moun t ap pale de jan tanp lan bèl, jan l byen dekore ak bèl wòch epi ak tout bèl kado moun te ofri bay Bondye, Jezi di konsa:

“Gen yon jou k ap vini kote p ap menm gen de wòch k ap rete youn sou lòt nan tout bagay sa yo nou wè la a. Tout pral kraze nèt vide atè.”

Lè sa a, disip yo tonbe poze l kesyon, yo di: “Mèt, ki lè bagay sa yo ap rive? Ki siy k ap fè nou konnen bagay sa yo prèt pou rive?”

Jezi di yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf. Paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Mesi a.[a] Lè a fin rive. Piga nou koute bouch yo pou n al swiv yo. Lè nou pran nouvèl lagè ak revolisyon k ap fèt, nou pa bezwen pè. Bagay sa yo dwe rive anvan. Men, se poko lafen an toujou.”

10 Apre sa, li di yo: “Yon nasyon gen pou leve kont yon lòt. Yon wayòm gen pou leve kont yon lòt. 11 Pral gen gwo tranblemanntè ak grangou, epi maladi ap touye moun nan anpil kote. Va gen bagay tèrib ak gwo siy k ap parèt nan syèl la.

12 Men anvan tout bagay sa yo rive, y ap arete nou. Y ap pèsekite nou. Y ap trennen nou nan jijman nan sinagòg yo. Y ap mete nou nan prizon. Y ap trennen nou devan wa yo ak gouvènè yo. Y ap fè nou sibi tout bagay sa yo poutèt mwen menm. 13 Men, bagay sa yo ap ban nou okazyon pou nou pale de mwen. 14 Kidonk, kenbe sa byen nan tèt nou. Pa fatige kò nou pou konnen kijan nou pral defann tèt nou. 15 Paske m ap ban nou sajès pou nou pale. M ap mete pawòl nan bouch nou ki pou konfonn lènmi nou yo. 16 Se pwòp paran nou, frè nou, fanmi nou, oubyen zanmi nou k ap denonse nou. Y ap menm fè touye anpil nan nou. 17 Tout moun ap rayi nou poutèt n ap mache ak mwen. 18 Men, menm yon branch cheve nan tèt nou p ap pèdi. 19 Nan pèsevere nan lafwa nan mitan bagay sa yo, n a sove lavi nou.

Destriksyon Jerizalèm

(Mat 24:15-21; Mak 13:14-19)

20 Lè n a wè yon pakèt lame sèke Jerizalèm toutotou, n a konnen lè a rive pou yo detwi li. 21 Lè sa a, tout moun nan teritwa Jide a ta dwe chape pou l yo ale nan mòn yo. Moun ki nan kè lavil Jerizalèm nan menm ta dwe kouri soti. Moun ki te nan jaden menm, pa ta dwe chache antre lakay. 22 Paske jou sa yo se jou kote Bondye pral jije pèp li a. Sa pwofèt yo te ekri yo nan Bib la pral rive vre. 23 Nan jou sa yo, bagay la p ap dous ditou pou medam ki ansent yo oswa sa yo ki ti nouris, paske pral gen gwo dezolasyon sou peyi a. Bondye pral pini moun sa yo, paske li fache kont yo. 24 Y ap touye yo ak kout nepe. Y ap depòte yo nan tout lòt peyi yo. Lavil Jerizalèm menm, moun lòt nasyon yo ap detwi l epi kontwole l, jouktan tan yo te ba yo a fin akonpli.

Read full chapter

Footnotes

  1. 21:8 Mesi a Literalman, “se moun nan”, sa vle di wa Bondye chwazi epi li voye a. Gade nan Lik 23:35, Mat 24:5 ak Mesi epi tou nan tout liv sa a.