Add parallel Print Page Options

¶ Menm epòk sa a, yon gwo foul moun te sanble ankò. Yo pa t' gen anyen pou yo manje. Jezi rele disip li yo, li di yo konsa:

-Kè m' fè m' mal pou moun sa yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m', yo fin manje tou sa yo te pote.

Si m' voye yo al lakay yo konsa san manje, y'a tonbe feblès nan chemen paske gen ladan yo ki soti byen lwen.

Disip li yo reponn li: -Nan dezè sa a, ki bò poun jwenn pen pou plen vant tout moun sa yo?

Jezi mande yo: -Konbe pen nou gen la a? Yo reponn: -Nou gen sèt pen.

Lè sa a, li fè foul moun yo chita atè; li pran sèt pen yo; li di Bondye mèsi, li kase yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo pou yo mache bay tout moun. Disip yo mache bay tout moun pen.

Te gen kèk ti pwason la tou. Jezi di Bondye mèsi pou yo tou, li mande disip li yo mache bay tout foul moun yo.

Tout moun te manje vant plen. Yo plen sèt panyen pote ale avèk moso ki te rete.

Te gen katmil (4.000) moun konsa antou. Apre sa, Jezi voye yo ale.

10 ¶ Touswit apre sa, li moute nan kannòt la avèk disip li yo, li ale nan yon peyi yo rele Dalmanouta.

11 Farizyen yo vin rive. Yo tanmen diskite avèk Jezi: yo te vle pran li nan pèlen. Yo mande l' pou l' fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba li tout pouvwa sa a.

12 Jezi bay yon gwo soupi nan kè l', li di yo konsa: -Poukisa moun alèkile yo renmen mande mirak konsa? Se vre wi sa m'ap di nou la a: yo p'ap jwenn okenn mirak.

13 Apre sa, li vire do l' ba yo, li tounen nan kannòt la; li pati pou lòt bò lanmè a.

14 Men, disip yo te bliye pran lòt pen: yo te gen yon sèl grenn pen avè yo nan kannòt la.

15 Jezi ba yo lòd sa a: -Fè atansyon. Pran prekosyon nou avèk ledven farizyen yo ansanm avèk ledven Ewòd la.

16 Disip yo pran pale pou kont yo, yonn t'ap di lòt: -Se paske nou pa gen pen kifè l' di nou sa.

17 Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: -Poukisa n'ap di: se paske nou pa gen pen? Se konnen nou pa konnen? Nou poko ka konprann toujou? Se bouche lespri nou bouche konsa?

18 Gen lè nou pa wè nan je nou? Nou pa tande nan zòrèy nou? Se bliye nou gen tan bliye?

19 Lè m' te separe senk pen bay senkmil (5,000) moun yo, konbe panyen plen moso nou te pote ale? Yo reponn li: -Douz panyen.

20 Jezi mande yo anko: -Lè m' te separe sèt pen bay katmil (4.000) moun yo, konbe panyen plen moso nou te pote ale? Yo reponn li: -Sèt panyen.

21 Lè sa a li di yo: -Nou pa konprann toujou?

22 ¶ Apre sa, y' ale Betsayda. Yo mennen yon nonm avèg bay Jezi. Yo mande li pou l' te manyen li.

23 Jezi pran men avèg la, li mennen l' soti nan bouk la. Li pran ti gout krache, li mete nan je avèg la. Apre sa, li mete men l' sou tèt avèg la: Li mande li: -Eske ou wè kichòy?

24 Avèg la louvri je l', li di: -Mwen wè moun k'ap mache; yo sanble pyebwa.

25 Jezi remete men l' ankò nan je l' yo. Lè sa a, avèg la wè klè nèt. Li te geri, li te wè tout bagay klè.

26 Jezi voye l' al lakay li, li di l' konsa: -Pa antre nan bouk la.

27 ¶ Jezi pati apre sa avèk disip li yo; li ale nan tout bouk ki te nan rejyon Sezare Filip la. Antan yo t'ap mache, li poze yo keksyon sa a: -Ki moun yo di mwen ye en?

28 Yo reponn li: -Gen moun ki di se Jan Batis ou ye. Gen lòt ki di ou se Eli; gen lòt ankò ki di ou se yonn nan pwofèt yo.

29 Li mande yo ankò: -Bon, nou menm, ki moun nou di mwen ye? Pyè reponn li: -Ou se Kris la.

30 Lè sa a, Jezi ba yo lòd byen sevè pou yo pa di pèsonn sa.

31 Apre sa, li kòmanse di disip li yo yon bann bagay. Li di yo konsa: -Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè touye m'. Men sou twa jou, mwen gen pou m' leve soti vivan pami mò yo.

32 Li t'ap pale konsa aklè ak yo. Pyè rele l' sou kote, li di li: -Pa pale konsa non.

33 Men Jezi vire tèt li, li gade disip li yo. Li pale sevè ak Pyè, li di li konsa: -Wete kò ou sou mwen, Satan! Paske, lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle.

34 Lè sa a Jezi rele foul moun yo ansanm avèk disip li yo, li di yo konsa: -Si yon moun vle mache dèyè m', se pou l' bliye tèt li, se pou l' chaje kwa l' sou zepòl li epi swiv mwen.

35 Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen ak bon nouvèl la, li va sove li.

36 Kisa sa ta sèvi yon moun pou li ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li?

37 Ou ankò, kisa yon nonm kapab bay pou l' gen lavi?

38 Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen nan mitan bann moun alèkile yo ki vire do bay Bondye pou viv nan peche, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen avèk zanj Bondye yo nan tout bèl pouvwa Papa m' lan, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.

Jezi bay plis pase 4,000 moun manje

(Mat 15:32-39)

Yon lòt fwa ankò, yon gwo foul moun te rasanble epi yo pa t gen anyen pou yo manje. Lè sa a, Jezi rele disip li yo, li di yo. “Kè m fè m mal pou moun yo, yo la avè m depi twa jou epi kounyea, yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa ka voye yo lakay yo tou grangou. Si yo ale konsa, yo ka tonbe feblès nan wout. Anpil ladan yo rete lwen isit la.”

Disip Jezi yo reponn li: “Nan zòn sa a, ki kote nou pral jwenn ase manje pou nou bay tout moun sa yo?”

Jezi mande yo: “Konbyen pen nou genyen?”

Yo reponn li: “Nou genyen sèt pen.”

Jezi mande moun yo pou yo chita atè a. Apre sa, li pran sèt pen yo epi li remèsye Bondye pou yo. Li kase pen yo epi li bay disip li yo pou yo sèvi foul la. Disip yo te gen kèk ti pwason tou. Jezi di Bondye mèsi pou ti pwason yo epi li mande disip yo pou yo separe yo bay moun yo tou.

Tout moun yo manje vant deboutonnen. Lè disip yo ranmase moso ki rete yo, yo jwenn sèt panye. Te gen apeprè 4,000 moun la. Apre sa Jezi voye yo al lakay yo. 10 Tousuit apre sa, Jezi monte nan yon bato ak disip li yo epi yo ale nan yon zòn ki rele Dalmanita.

Kèk moun gen dout sou otorite Jezi

(Mat 16:1-4; Lik 11:16,29)

11 Farizyen yo vin kote Jezi epi yo kòmanse poze l kesyon. Yo mande li pou l fè yon mirak ki bay prèv Bondye avè l. 12 Jezi fè yon gwo soupi epi li di: “Poukisa nou menm moun sa yo n ap mande mirak kòm siy? M a p di nou verite a: Pa gen yon mirak k ap fèt ki pral pwouve anyen pou nou.” 13 Apre sa, Jezi kite yo epi li monte nan ti bato a, li ale lòtbò rivyè a.

Disip Jezi yo mal konprann li

(Mat 16:5-12)

14 Disip yo te genyen yon pen avèk yo nan kannòt la. Yo te bliye pote pen. 15 Jezi avèti yo: “Pran prekosyon ak ledven Farizyen yo ansanm ak ledven Ewòd la.”

16 Disip yo t ap diskite sou siyifikasyon pawòl la epi yo t ap di: “Se poutèt nou pa gen pen ki fè l ap di sa.”

17 Jezi te konnen sou kisa disip yo t ap pale. Alò, li mande yo: “Sou Kisa n ap pale konsa? Paske nou pa gen pen? Nou poko konprann toujou? Èske se fèmen n ap esye fèmen lespri nou pou pa konprann sa m ap eseye di nou? 18 Èske nou gen je ki pa kapab wè? Èske nou gen zòrèy ki pa kapab tande? Epi èske nou pa sonje sa m te fè lè nou pa t gen ase pen an? 19 Lè mwen te separe senk pen pou 5,000 moun nan, èske nou sonje tou konbyen panye nou te ranpli ak mòso ki te rete yo?”

Disip yo reponn li: “Nou te plen douz (12) panye.”

20 E lè m te separe 7 pen pou 4,000 moun nan, konbyen panye nou te ranpli ak rès pen yo pa t manje yo? Yo reponn li: “Nou te ranpli sèt panye.”

21 Lè sa a, Jezi di yo: “Nou pa ka konprann toujou?”

Jezi geri yon avèg nan vil Bètsayida

22 Jezi ak disip li yo te ale nan vil Bètsayida, yon gwoup moun te mennen ba li yon avèg epi yo mande Jezi pou li touche li. 23 Konsa, Jezi pran men nonm nan epi li sòti deyò vil la ak li. Apre sa, li krache nan je li, li mete men sou li epi li di l: “Èske ou wè kounye y a?”

24 Nonm nan gade epi li di: “Wi mwen wè moun, men yo sanble ak pyebwa k ap mache.”

25 Jezi mete men li sou je nonm nan ankò. Nonm nan ouvri je l byen laj, li te kapab wè ankò. Li te wè tout bagay byen klè. 26 Jezi voye nonm nan retounen lakay li. Li di li: “Pa antre nan vil la.”

Pyè konnen kilès Jezi ye

(Mat 16:13-20; Lik 9:18-21)

27 Jezi ak disip li yo ale nan vil yo ki nan zòn Sezare Filip la. Sou wout la Jezi mande disip li yo: “Ki lès nou tande yo di mwen ye?”

28 Yo reponn li: “Kèk moun di ou se Janbatis, yon lòt gwoup di ou se Eli. Gen lòt menm ankò ki di tou ou se youn nan pwofèt yo.”

29 Lè sa a, Jezi di yo: “E nou menm, kilès nou di mwen ye?”

Pyè reponn li: “Ou se Kris la.”

30 Jezi di disip li yo pou yo pa di okenn moun kilès li ye.

Jezi di li gen pou l mouri

(Mat 16:21-28; Lik 9:22-27)

31 Lè sa a, Jezi kòmanse ap anseye disip li yo Pitit Lòm nan gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò. 32 Li di yo sa byen klè.

Men, Pyè pran Jezi sou kote pou l rale zòrèy li. 33 Men, Jezi fè yon vire, li gade disip li yo epi li repouse Pyè konsa: “Rale kò w sou mwen, Satan![a] Lide nan tèt ou pa gen anyen pou wè ak volonte Bondye, yo plis sou sa lèzòm ta vle.”

34 Apre sa, Jezi rele foul la ak disip li yo, epi li di yo: “Si yon moun vle swiv mwen fòk li bliye pwòp tèt li, fòk li pote kwa l epi swiv mwen.” 35 Paske nenpòt moun ki vle sove lavi li, l ap pèdi l. Men moun ki pèdi lavi l pou mwen ak levanjil la, l ap sove lavi li. 36 Ki sa li t ap itil yon nonm pou l ta gen lemonn antye si l ap pèdi pwòp lavi l? 37 Kisa yon moun ka bay an echanj pou lavi li. 38 Nenpòt moun ki wont di li ak mwen, nan tan pèvès, plen ak peche sa a, ki wont pale pawòl mwen, mwen menm tou m ap wont li lè m retounen ak tout bèl laglwa mwen, ak bèl laglwa papa m ansanm ak anj li yo.

Footnotes

  1. 8:33 Satan Se yon non ki vle di “lènmi”. Jezi vle di Pye ap pale menm jan ak Satan.