Add parallel Print Page Options

Jezi ap priye poukont li

(Mat 26:36-46; Lik 22:39-46)

32 Jezi ak disip li yo ale yon kote yo rele Jetsemane. Li di disip li yo: “Rete isit la pandan m pral lapriyè.” 33 Li pran Pyè, Jak, Jan ak li. Li te kòmanse santi gwo tristès ak anpil kè sere. 34 Jezi di disip ki te avè l yo: “Kè m tèlman lou, mwen santi se mouri m ap mouri. Kenbe m konpay, pa kite dòmi pran nou.”

35 Jezi avanse pi devan, li lage kò l atè epi li priye. Li mande Bondye si li ta posib pou li pa ta pase nan moman soufrans sa a. 36 Li di: “Abba,[a] O Papa! Tout bagay posib pou ou. Retire gode[b] soufrans sa a devan m non. Men, pa fè volonte pa m, fè volonte pa w.”

37 Lè Jezi tounen bò kote disip li yo, li jwenn yo tout ap dòmi. Li di Pyè: “Simon, ou ap dòmi? Ou pa ka rete veye avè m pou inèdtan? 38 Fè je nou klè! Epi priye pou nou pa tonbe nan tantasyon! Lespri a byen dispoze, men lachè a fèb.”

39 Jezi deplase yon dezyèm fwa pou l te ka priye, li repete menm priyè a. 40 Lè l tounen bò kote yo ankò, li jwenn yo ap dòmi, paske je yo pa t ka rete ouvè. Disip yo pa t konnen kisa pou yo te di li.

41 Li retounen yon twazièm fwa epi li di yo: “N ap dòmi toujou? N ap repoze? Se twòp atò. Lè a rive, yo pral livre Piti lòm nan bay mechan yo. 42 Leve! Ann ale! Men moun k ap livre m nan rive.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 14:36 Abba Mo “Abba” se yon mo nan lang Arameyen ti moun Jwif konn sèvi pou yo rele papa yo.
  2. 14:36 gode Nan ekspresyon sa a, gode se yon senbòl ki vle di soufrans. Jezi sèvi ak lide “bwè nan yon gode” pou di li aksepte soufrans li t apral rankontre nan evènman yo ki te prèt pou rive.