Add parallel Print Page Options

15 ¶ Apre sa, mwen wè yon lòt siy nan sièl la, yon gwo siy ki pou fè moun sezi: sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite. Se te sèt dènye kalamite yo. Apre yo, Bondye ap sispann fè kòlè.

Apre sa, mwen wè yon bagay ki te tankou yon lanmè fèt an kristal mele ak dife. Mwen wè tou moun ki te genyen nan batay yo t'ap mennen kont bèt la, kont estati l' la, kont moun ki gen yon nimewo ki koresponn ak non l' lan. Yo tout yo te kanpe bò lanmè kristal la, yo te gen nan men yo gita Bondye te ba yo a.

Yo t'ap chante chante Moyiz, sèvitè Bondye a, ansanm ak chante ti Mouton an Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa, tou sa ou fè, se bèl bagay! Ou menm ki wa tout nasyon, plan travay ou yo dwat, se verite yo ye.

Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou, Mèt? Ki moun ki pou ta refize fè lwanj ou? Se ou menm sèl ki sen. Tout nasyon yo gen pou vini pou yo bese tèt yo devan ou, pou yo adore ou. Paske, yo wè aklè sa ou fè se bagay ki dwat.

¶ Apre sa, mwen wè kote ki apa pou Bondye nan tanp ki nan sièl la louvri.

Sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite yo soti nan tanp la. Yo te abiye ak yon bèl twal blan byen fin ki te klere anpil. Yo te gen sentiwon an lò mare sou lestonmak yo.

Yonn nan kat bèt vivan yo bay sèt zanj yo sèt gode fèt an lò ki te plen ak kòlè Bondye ki vivan pou tout tan an.

Lafimen ki t'ap soti nan gwo limiè prezans ak nan pouvwa Bondye a te plen tanp lan nèt. Pesonn pa t' kapab antre nan tanp lan toutotan sèt kalamite ki te nan men zanj yo pa t' ankò pase.

Zanj ki pote dènye kalamite yo

15 Apre sa, m wè yon lòt siy nan syèl la. Li te gwo anpil epi li te fè moun sezi. Se te sèt anj ki responsab pou sèt gwo kalamite. Kalamite sa yo, se yo ki dènye. Se avèk yo kòlè Bondye a ap fini.

Apre sa, m wè yon lanmè ki sanble yon bagay ki fèt ak kristal mele ak dife. M wè moun yo ki te ranpòte laviktwa nan batay ak bèt la, ak zidòl li a ak nimewo ki reprezante non li a. Yo kanpe sou lanmè an kristal la epi yo kenbe gita Bondye yo nan men yo. Yo t ap chante kantik Moyiz la, sèvitè Bondye a, ansanm ak kantik Ti Mouton an. Yo t ap di:

“Tout sa w fè, se gwo bagay, yo fè moun sezi.
    Senyè, Bondye toupisan,
tout sa w fè, yo dwat epi yo san fot,
    ou menm ki wa sou tout nasyon yo!
Tout moun dwe gen krentif pou ou, o Senyè.
    Tout pèp va fè lwanj pou non ou.
    Se ou sèl ki sen.
Tout pèp va vin devan w, koube pou adore w,
    paske jijman ou fè yo dwat.”

Apre sa, m gade, m wè tanp lan louvri nan syèl la, kote ki apa pou Bondye a.[a] Epi sèt anj ki responsab sèt kalamite yo soti. Yo te abiye ak yon bèl twal blan ki t ap klere anpil. Sentiwon yo te fèt ak lò. Apre sa, youn nan kat kreyati vivan yo bay sèt anj yo sèt koup ki fèt ak lò ki plen ak kòlè Bondye k ap viv pou tout tan an. Tanp lan te plen ak lafimen ki montre glwa ak pouvwa Bondye. Pèsòn pa t ka antre nan tanp lan, jouktan sèt kalamite sèt anj yo te fin pase.

Footnotes

  1. 15:5 kote ki apa pou Bondye a Literalman, “tant temwanyaj la”. Li ekspresyon tant ki Sen an nan Lis Mo yo. Li Egz 25:8-22.