Add parallel Print Page Options

16 ¶ Apre sa, Pòl ale lavil Dèb epi l' rive lavil List. Nan List te gen yon disip yo rele Timote. Manman l' te yon jwif ki te kwè nan Jezi tou, men papa l' te yon moun peyi Lagrès.

Frè ki t'ap viv nan List ak Ikoniòm yo te bay bon rapò pou Timote.

Pòl te vle mennen l' avèk li. Li pran l', li sikonsi l' paske tout jwif ki te nan peyi a te konnen papa Timote te grèk.

Nan tout lavil kote yo pase yo te mete disip yo an konesans desizyon apòt yo ak ansyen yo te pran lavil Jerizalèm, yo t'ap mande yo pou yo te soumèt devan desizyon an.

Tout legliz yo t'ap vin pi fèm nan lafwa, chak jou yo t'ap gen plis moun toujou.

¶ Sentespri pa t' kite Pòl ak Timote al anonse pawòl Bondye a nan pwovens Lazi a. Se sak fè yo te pase nan zòn Friji ak zòn Galasi san rete.

Lè yo rive toupre lavil Mizi, yo te vle ale Bitini, men Lespri Jezi a pa t' pèmèt yo fè sa.

Yo pase nan Mizi san rete, yo desann lavil Twoas.

Nan mitan lannwit, Pòl fè yon vizyon: li wè yon nonm ki te soti peyi Masedwan kanpe devan l' ki t'ap di li: Tanpri, vin nan peyi Masedwan, vin pote nou sekou.

10 Apre Pòl te fè vizyon sa a, lamenm nou chache pou n' ale peyi Masedwan. Nou te sèten se Bondye menm ki te rele nou pou n' te al pote bon nouvèl la bay moun ki nan peyi sa a.

11 Nou pran batiman lavil Twoas, nou fè vwal tou dwat pou lil Samotras. Apre yon jou, nou rive lavil Neapolis.

12 Antan nou la, n' al lavil Filip, premye lavil nan distrik Masedwan lan: Se te yonn nan koloni sou zòd lavil Wòm yo. Nou pase plizyè jou nan lavil sa a.

13 Jou repo a, nou soti, n' al lòt bò pòtay lavil la bò larivyè a. Nou t'ap chache kote jwif yo te konn lapriyè a. Nou chita, nou t'ap pale ak fanm ki te sanble la yo.

14 Yonn ladan yo te rele Lidi. Se te moun lavil Tiyati, yon machann bèl twal koulè wouj yo vann byen chè a. Li te konvèti nan relijyon jwif yo. Li t'ap koute nou. Seyè a louvri lespri l' pou l' te swiv tou sa Pòl t'ap di.

15 Li resevwa batèm, li menm ansanm ak tout fanmi li. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: Se pou n' vini, se pou n' fè ladesant lakay mwen, si nou kwè mwen mete konfyans mwen tout bon nan Seyè a. Se konsa li fòse nou rete lakay li.

16 ¶ Yon jou nou tapral kote yo konn lapriyè a, nou kontre ak yon tifi. Se te yon sèvant, li te gen yon move lespri sou li ki te fè l' konn pase kat pou moun. Lè konsa tifi a te fè mèt li yo fè anpil lajan.

17 Li tanmen swiv Pòl ak nou, li t'ap rele byen fò: Mesye sa yo se sèvitè Bondye ki anwo nan syèl la. Y'ap fè nou konnen chemen pou n' pran pou n' ka jwenn delivrans.

18 Li t'ap fè sa pandan plizyè jou. Pòl menm te bouke ak fi a. Li vire, li di lespri a: Nan non Jezikri, mwen ba ou lòd, soti sou fi a. Menm lè a, lespri a soti sou li.

19 Lè mèt sèvant lan wè yo te pèdi tout espwa fè lajan ak tifi a, yo mete men sou Pòl ak Silas, yo trennen yo sou plas piblik la devan otorite yo.

20 Yo mennen yo devan chèf lavil Wòm yo, epi yo di: Mesye sa yo ap fè dezòd nan lavil nou an. Se jwif yo ye.

21 Y'ap plede moutre moun yo yon bann bagay lalwa nou an pa pèmèt. Nou menm, se moun lavil Wòm nou ye, nou pa ka asepte fè bagay sa yo.

22 Foul moun yo te moute kont yo tou. Chèf women yo fè rache rad ki te sou Pòl ak Silas, epi yo bay lòd pou bat yo ak fwèt.

23 Apre yo fin bat yo byen bat, yo mete yo nan prizon. Yo bay chèf prizon an lòd pou veye mesye yo byen.

24 Lè l' resevwa lòd sa a, chèf prizon an mete yo nan kacho ki jouk nan fon prizon an. Epi l' mete pye yo nan sèp.

25 ¶ Vè menwi konsa, Pòl ak Silas t'ap lapriyè, yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Lòt prizonye yo menm t'ap koute.

26 Epi, yo rete konsa, tè a pran tranble byen fò, li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Menm lè a, tout pòt prizon yo louvri, chenn tout prizonye yo kase.

27 Chèf prizon an leve. Lè l' wè tout pòt prizon yo louvri, li rale nepe l', li tapral touye tèt li paske li te kwè prizonye yo te sove.

28 Men, Pòl kriye byen fò: Pa fè tèt ou mal. Nou tout la.

29 Lè chèf prizon tande sa, li mande yon chandèl, li kouri nan kacho a. Li lage kò l' atè nan pye Pòl ak Silas. Li t'ap tranble kou yon fèy bwa tèlman li te pè.

30 Apre sa, li fè yo soti, li mande yo: Mesye, kisa m' dwe fè pou m' delivre?

31 Yo reponn li: Mete konfyans ou nan Seyè Jezi, epi wava delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou.

32 Epi yo fè l' konnen pawòl Seyè a, limenm ansanm ak tout moun ki te lakay li.

33 Menm lè a, nan mitan lannwit lan, li pran yo, li mete renmèd sou tout kote yo te blese. Lèfini, Pòl ak Silas batize l' ansanm ak tout fanmi li.

34 Chèf prizon an fè yo moute lakay li, li ba yo manje. Nonm lan te kontan anpil ansanm ak tout fanmi l' paske koulye a yo te kwè nan Bondye.

35 ¶ Lè solèy fin leve, chèf moun lavil Wòm yo voye gad di chèf prizon an: Lage mesye yo.

36 Chèf prizon an ale di Pòl: Chèf yo voye di pou yo lage nou. Nou mèt soti koulye a. Ale ak kè poze.

37 Men, Pòl di gad yo konsa: Gade non! Se sitwayen lavil Wòm nou ye wi. Yo bat nou devan tout moun san yo pa jije nou jan yo te dwe fè l' la. Apre sa, yo mete nou nan prizon. Koulye a yo vle lage nou an kachèt. Non, nou pa nan sa. Se chèf moun lavil Wòm yo menm ki pou vin mete nou deyò.

38 Gad yo al rapòte pawòl sa yo bay chèf yo. Lè chèf yo tande se sitwayen lavil Wòm mesye yo te ye, yo soti pè.

39 Yo vin eskize yo bò kote apòt yo, yo lage yo. Lèfini yo mande yo pou kite lavil la.

40 Lè apòt yo soti nan prizon an, yo antre lakay Lidi. Yo wè frè yo, yo ba yo kèk pawòl ankourajman, epi yo pati, y' ale.

Timote pati ak Pòl ak Silas

16 Pòl te pati al nan vil Dèb ak nan vil List. Te gen yon kwayan ki te rete nan vil Lis la yo te rele Timote. Manman Timote se te yon Jwif ki te kwè nan Kris tou epi papa l menm te yon Grèk, sa vle di yon moun ki soti nan peyi Lagrès. Kwayan ki t ap viv nan List ak nan Ikòn yo te rann bon temwanyaj pou li. Pòl te vle pran Timote pou fè vwayaj la ak li. Men anvan l te fè sa, li te sikonsi Timote, paske tout Jwif nan peyi a te konnen papa Timote se te Grèk.

Pandan vwayaj la, Pòl ak ekip li a te anonse desizyon apot yo ak lidè yo te pran nan Jerizalèm nan, nan tout vil yo. Yo mande tout moun yo pou yo respekte desizyon sa yo. Sa te fè legliz yo t ap vin pi djanm nan lafwa yo epi kantite kwayan yo t ap ogmante pi plis chak jou.

Pòl resevwa apèl pou l al nan Masedwàn

Pòl ansanm ak ekip li a te vwayaje atravè Friji ak Galasi, paske Sentespri a pa t pèmèt yo anonse Levanjil la nan rejyon Lazi a. Lè yo rive devan lavil Mizi, yo te gen entansyon ale nan Bitini; men, Lespri Jezikris a pa t pèmèt yo ale la. Konsa, yo pase nan wout ki travèse vil Mizi a, yo desann nan vil Twoas.

Nan mitan lannuit lan, Pòl fè yon vizyon. Li wè yon mesye, moun peyi Masedwàn kanpe devan li, epi mesye a di l: “Tanpri, vin nan peyi Masedwàn, vin pote nou sekou!” 10 Tousuit apre Pòl fin fè vizyon an, nou[a] prepare vwayaj nou, epi n ale nan peyi Masedwàn. Nou sèten se Bondye menm ki te rele nou pou n al anonse Bòn Nouvèl la bay moun yo nan rejyon sa a.

Lidi remèt Bondye lavi li

11 Nou kite lavil Twoas nan batiman, nou ale tou dwat sou zile Samotras. Nan demen, nou pran direksyon lavil Neyapolis. 12 Apre sa, n ale nan vil Filip. Vil Filip la te premye vil nan rejyon Masedwàn nan. Se te yon koloni ki te anba pouvwa lavil Wòm. Nou te pase plizyè jou nan vil la.

13 Nan jou saba a, nou soti nan pòtay lavil la, n al bò yon rivyè. Nou t ap chache kote Jwif yo te konn reyini pou yo priye. Lè nou rive la, nou chita pale ak yon ekip medam kite rasanble la. 14 Youn nan medam yo te rele Lidi. Se te moun lavil Tyati. Lidi se te yon machann ki vann bèl rad koulè mov. Li te konn adore Bondye. Li t ap koute Pòl avèk anpil atansyon. Senyè a louvri kè Lidi pou l te ka aksepte pawòl Pòl t ap anonse yo. 15 Sa te fè Lidi ansanm ak tout moun lakay li resevwa batèm. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: “Si nou kwè toutbon mwen mete konfyans mwen nan Senyè a, se pou nou fè ladesant lakay mwen.” Se fòse l te fòse nou fè ladesant lakay li.

Pòl ak Silas nan prizon

16 Yon jou, pandan nou t apral kote moun yo konn lapriyè a, nou rankontre ak yon jenn fi ki te yon esklav. Jenn fi sa a te gen yon move lespri sou li ki te fè l konn predi bagay ki gen pou rive pita. Sa te rapòte mesye ki te mèt li yo anpil lajan. 17 Jenn fi a tonbe swiv Pòl ansanm avèk nou. Tout tan l ap swiv nou an, l ap rele byen fò, l ap di: “Mesye sa yo se sèvitè Bondye ki anwo nan syèl la yo ye. Y ap fè nou konnen kijan pou nou vin sove.” 18 Li fè sa pandan plizyè jou. Sa jenn fi a t ap fè a te nui Pòl. Sa fè yon jou, Pòl vire, li di lespri a: “Nan non Jezikris, mwen pase w lòd, soti sou jenn fi a.” Menm lè a, lespri a soti sou li.

19 Lè mesye yo ki te mèt ti jenn fi a wè sa k pase a, yo konprann yo p ap ka sèvi avè l ankò pou fè lajan. Konsa, yo mete men sou Pòl ak Silas, yo trennen yo al sou plas piblik la pou fè yo parèt devan majistra yo. 20 Yo mennen Pòl ak Silas devan majistra Women yo, epi yo di: “Mesye sa yo se yon kolonn Jwif ki vin ap kreye dezòd nan vil nou an. 21 Y ap plede montre moun yo yon bann bagay lalwa nou an pa pèmèt nou fè, paske nou menm se Women nou ye.”

22 Tout foul la nèt te vire kont Pòl ak Silas. Konsa, Chèf Women yo chire rad sou Pòl ak Silas epi yo bay lòd pou yo bat yo byen bat ak fwèt. 23 Apre yo fin bat Pòl ak Silas byen bat, yo fèmen yo nan prizon. Apre sa, yo mande chèf prizon an pou l veye mesye yo byen. 24 Fini l fin resevwa lòd la, chèf prizon an mete Pòl ak Silas nan yon kacho ki jouk nan fon prizon an, epi li mete pye yo nan yon sèp[b] an bwa.

25 Vè minui konsa, Pòl ak Silas t ap priye epi yo t ap chante louwanj Bondye. Lòt prizonye yo menm t ap koute. 26 Sanzatann konsa, yon gwo tranblemanntè pase. Li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Tout pòt prizon yo louvri, epi tout chenn prizonye yo kase. 27 Lè chèf prizon an reveye, li wè tout pòt prizon yo louvri. Li rale nepe l pou l te touye tèt li,[c] paske l te panse prizonye yo te gentan sove. 28 Men, Pòl rele byen fò: “Pa fè tèt ou mal, nou tout la!”

29 Lè sa a, chèf prizon an mande pou yo vini ak yon chandèl. Li kouri nan kacho a, ap tranble tankou fèy bwa, tèlman l te pè. Li lage kò l atè nan pye Pòl ak Silas. 30 Apre sa, li fè yo soti nan kacho a epi li mande: “Mesye, kisa m dwe fè pou m sove?”

31 Pòl ak Silas reponn: “Mete konfyans ou nan Jezi, Senyè a, epi ou ap sove, ou menm ansanm ak tout moun k ap viv lakay ou.” 32 Epi Pòl ak Silas anonse chèf prizon an Bòn Nouvèl Senyè a, li menm ansanm ak tout moun lakay li. 33 Nan mitan lannuit la menm, chèf prizon an pran Pòl ak Silas, li netwaye kote yo te blese yo. Apre sa, Pòl ak Silas batize chèf prizon an ansanm ak tout fanmi li. 34 Chèf prizon an fè Pòl ak Silas monte lakay li, li ba yo manje. Tout moun nan kay la te kontan anpil dèske yo te kwè nan Bondye kounye a.

35 Nan maten, chèf Women yo voye kèk sòlda vin di chèf prizon an pou l lage mesye yo.

36 Lè sa a, chèf prizon an di Pòl: “chèf Women yo voye sòlda sa yo vin lage nou. Nou lib pou n ale kounye a. Ale an pè.”

37 Men, Pòl di sòlda yo: “Majistra sa yo pa t jwenn okenn prèv kont nou pou kondane nou, malgre sa, yo fè bat nou konsa devan piblik la epi yo fèmen nou nan prizon, epi se sitwayen Women nou ye. Kounye a yo vle lage nou ankachèt. Non, sa p ap pase. Se yo menm menm ki pou vini an pèson, pou vin lage nou.”

38 Sòlda yo al rapòte sa Pòl te di a bay majistra yo. Lè chèf yo tande Pòl ak Silas se sitwayen Women, yon sèl laperèz pran yo. 39 Yo vin prezante eskiz yo bay Pòl ak Silas. Yo lage yo epi yo mande yo pou yo kite vil la. 40 Men, lè Pòl ak Silas soti nan prizon an, y ale tou dwat lakay Lidi. Yo wè kèk nan kwayan yo lakay Lidi a. Yo ankouraje kwayan yo, apre sa yo kite vil la.

Footnotes

  1. 16:10 nou Li sanble Lik ki te ekri liv sa a t al Masedwàn tou avèk Pòl. Men, li te rete nan vil Filip lè Pòl limenm te kite vil la (gade vèsè 40). Menm pwonon “nou” an parèt ankò nan 20:5-21:18 epi nan 27:1-28.
  2. 16:24 sèp Yon sèp se yon bagay yo fè ak de blòk bwa. Nan kèk zòn, yo rele l “trap”, nan lòt zòn, yo di “ba”.
  3. 16:27 touye tèt li Li te panse chèf yo t ap touye l si prizonye yo te sove.