Add parallel Print Page Options

21 ¶ Apre nou fin kite yo, nou pati sou batiman an. Nou fè k'ap tou dwat sou Kòs. Yon jou apre, nou te rive Wòd. Soti la, n' ale Patara.

La, nou jwenn yon batiman ki tapral peyi Finisi, nou moute abò l' epi nou pati.

Nou rive toupre lil Chip. Antan nou nan batiman an, nou te ka wè l' toupre konsa. Men, nou pase anba l' sou bò dwat li, nou fè k'ap pou peyi Siri. Nou fè tè lavil Tir. Batiman an te gen yon pakèt chay pou l' te debake la.

Nou jwenn kèk disip, nou pase sèt jou avèk yo. Lespri Bondye a te avèti yo pou yo te di Pòl pa moute Jerizalèm.

Lè sèt jou yo te pase, nou pati pou n' al fè wout nou. Tout disip yo, madanm yo ak tout pitit yo te kondi nou jouk andeyò lavil la. Nou tout nou mete ajenou sou rivaj la, nou lapriyè.

Apre sa, nou yonn di lòt orevwa. Nou moute abò, yo menm yo tounen lakay yo.

Nou soti lavil Tir nou rive lavil Tolemayis, se la nou fini vwayaj sou lanmè a. N' al di frè ki te la yo bonjou, nou pase yon jou avèk yo.

¶ Nan denmen, nou pati ankò, nou rive lavil Sezare. Nou antre lakay Filip, evanjelis la, nou fè ladesant la. Se te yonn nan sèt mesye yo te chwazi Jerizalèm yo.

Li te gen kat pitit fi ki pa t' marye, yo t'ap bay mesaj yo te resevwa nan men Bondye.

10 Te gen kèk jou depi nou te la lè yon pwofèt yo rele Agabis desann soti nan Jide.

11 Li vin jwenn nou. Li pran sentiwon ki te nan ren Pòl la, li mare de pye pa l' ak de men pa l' yo, epi li di: Men sa Sentespri deklare: Se konsa jwif Jerizalèm yo pral mare mèt sentiwon sa a; apre sa, y'ap lage l' nan men moun lòt nasyon yo.

12 Lè nou tande sa, nou menm ansanm ak tout moun Sezare yo t'ap di Pòl konsa: Tanpri souple, pa moute Jerizalèm.

13 Men, li reponn nou: Poukisa pou n'ap kriye konsa, pou n'ap chache kraze kouraj mwen konsa? Mwen menm, se pa pare sèlman mwen pare pou m' kite yo mare mwen. Menm si mouri vini, m'ap mouri pou Seyè Jezi nan Jerizalèm.

14 Lè nou wè nou pa t' kapab chanje lide l', nou pa pèsiste sou sa anko. Nou di: Sa Bondye vle a, se sa k'ap fèt.

15 ¶ Apre nou fin pase kèk jou la, nou ranje zafè nou, nou pati pou Jerizalèm.

16 Te gen kèk nan disip lavil Sezare yo ki te al ansanm avèk nou tou. Yo mennen nou lakay Nazon, moun lil Chip, ki te yon disip depi lontan. Se la nou fè ladesant.

17 Lè nou rive Jerizalèm, frè yo resevwa nou ak kè kontan.

18 Nan denmen, Pòl ale lakay Jak ansanm ak nou. Tout chèf reskonsab legliz yo te reyini la.

19 Pòl di yo bonjou, apre sa li tanmen rakonte yo an detay tou sa Bondye te fè ak travay li nan mitan moun ki pa jwif yo.

20 Lè yo fin tande l', yo tout pran fè lwanj Bondye. Apre sa yo di Pòl: Frè nou, ou wè tout kantite jwif ki kwè nan Jezi. Malgre sa, yo tout byen zele pou lalwa a toujou.

21 Yo vin di yo ki jan ou menm Pòl, w'ap moutre tout jwif k'ap viv nan mitan lòt nasyon yo pou yo kite Lalwa Moyiz la tonbe. W'ap di yo pa sikonsi pitit yo, ni yo pa bezwen swiv koutim jwif yo.

22 Sa pou n' fè la a menm? Paske, talè konsa yo pral konnen ou rive isit la.

23 Ou pral fè sa nou pral di ou la a: Gen kat moun ki te fè yon ve.

24 Ou pral avèk yo, wa patisipe ansanm ak yo nan tout sèvis y'ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye ankò. Wa fè tout depans pou yo, pou yo kapab fè kale tèt yo. Konsa, tout moun va konnen tou sa yo t'ap di sou ou a pa t' vre. Okontrè, ou menm pou tèt pa ou, ou toujou ap obeyi Lalwa Moyiz la.

25 Men, pou moun ki pa jwif yo epi ki kwè nan Jezi koulye a, nou deja ekri yo, nou voye di yo sa n' te deside: piga yo manje vyann bèt ki te ofri pou touye bay zidòl, piga yo manje san, ni vyann bèt ki mouri toufe. Egzante tout dezòd lachè.

26 Lè sa a, Pòl pran kat mesye yo, epi nan denmen li patisipe avèk yo nan sèvis pou mete yo nan kondisyon pou sèvi Bondye ankò. Apre sa, li al nan tanp lan, li fè konnen ki jou sèvis la va fini, kilè pou yo ofri bèt pou yo touye pou yo chak la.

27 ¶ Sèt jou yo te prèt pou fini lè jwif ki soti nan pwovens Lazi yo wè Pòl nan tanp lan. Yo moute tèt foul moun yo, yo mete men sou li.

28 Yo t'ap rele: Moun ras Izrayèl yo, pote nou konkou! Men nonm k'ap plede mache toupatou pale mal ak tout moun sou do pèp Izrayèl la, sou do Lalwa Moyiz la, sou do tanp sa a. Koulye a, li penmèt li fè moun ki pa jwif antre nan tanp lan, l'ap lakòz kote nou mete apa pou Bondye a pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

29 (Yo t'ap di sa, paske yo te wè Twofim, moun lavil Efèz, ansanm ak Pòl nan lavil la. Yo te konprann Pòl te fè l' antre nan tanp lan tou.)

30 Tout lavil la te tèt anba, moun kouri soti toupatou. Yo mete men sou Pòl. Yo trennen l' deyò, epi lamenm yo fèmen tout pòt tanp lan.

31 Yo t'ap chache yon jan pou touye Pòl, lè nouvèl la rive nan zòrèy kòmandan batayon women an. Yo te vin di l' ki jan tout lavil la te tèt anba.

32 Lamenm li pran kèk ofisye ak kèk sòlda avèk li, li kouri desann bò kote foul moun yo. Yo menm menm, lè yo wè kòmandan an ak sòlda yo yo sispann bat Pòl.

33 Kòmandan an pwoche bò kot Pòl, li fè yo arete l', li bay lòd pou yo mare l' ak de chenn. Lèfini, li mande ki moun li te ye, kisa l' te fè.

34 Men, nan foul moun yo, yon pati t'ap rele yon bagay, yon lòt pati t'ap rele yon lòt bagay. Sitèlman yo t'ap fè dezòd, kòmandan an pa t' kapab fin konprann sa yo t'ap di a. Lè l' wè sa, li bay lòd pou yo mennen Pòl nan kazèn lan.

35 Lè sòlda yo rive bò eskalye a avèk Pòl, yo te blije leve l' anlè pou yo te sa pase avè l', sitèlman moun yo te ankòlè.

36 Yo tout yo t'ap swiv li, yo t'ap rele: Touye li.

37 Yo tapral fè Pòl antre nan kazèn lan, lè Pòl di kòmandan an: Eske mwen ka di ou kichòy? Kòmandan an mande li: Kouman? Apa ou pale grèk?

38 Si se sa, se pa ou menm ki ejipsyen an, nonm ki te kòmanse yon revolisyon tou lòt jou a epi ki te mennen katmil (4.000) bandi avè l' nan dezè a?

39 Pòl reponn li: Se jwif mwen ye. Mwen fèt lavil Tas nan peyi Silisi. Ou wè se sitwayen yon gwo lavil mwen ye. Tanpri, kite m' pale ak pèp la.

40 Kòmandan an ba l' pèmisyon. Lè sa a, Pòl kanpe sou eskalye a, li fè pèp la yon siy avèk men li. Lè yo sispann fè bri, Pòl pale ak yo nan lang ebre. Li di yo konsa:

Pòl ale Jerizalèm

21 Apre nou fin di Ansyen Efèz yo orevwa, nou fè vwal tou dwat pou yon zile yo rele Kòs. Nan demen, nou ale sou yon zile yo rele Wòd epi soti Wòd, nou pran direksyon Patara. Pandan nou Patara, nou jwenn yon batiman ki t apral nan peyi Fenisi. Nou monte nan batiman sa a epi nou pati.

Nou pase toupre zile Chip. Zile a te sou bò goch nou, nan direksyon nò, men nou pase adwat li san n pa rete. Nou kontinye nan direksyon peyi Siri pito. N al kanpe nan vil Tir, paske batiman an te gen chay pou l debake nan vil sa a. Poutèt nou te rankontre yon ekip kwayan la, nou pase sèt jou avèk yo. Yo bay Pòl avètisman pou l pa ta monte Jerizalèm poutèt sa Sentespri a te di yo. Men, lè tan nou t ap pase a fini, nou retounen nan batiman an pou n kontinye vwayaj nou. Tout kwayan yo te akonpanye nou. Tout madanm yo ak pitit yo te vin avèk nou sou rivaj la tou, kote nou tout te met ajenou pou n priye. Apre nou fin di youn lòt orevwa, nou monte nan batiman an epi yo menm yo retounen lakay yo.

Kite nou kite Tir, nou kontinye vwayaje pou ale nan vil Tolemayis. Rive Tolemayis, nou pase salye frè yo ki te la epi nou pase yon jou avèk yo. Nan demen, nou kite Tolemayis, n ale nan vil Sezare. Lè nou rive Sezare, n al lakay Filip epi nou fè ladesant lakay li. Filip se te yon evanjelis; anplis, li te youn nan sèt mesye[a] yo te chwazi pou sèvi kòm dyak nan legliz Jerizalèm nan. Filip te gen kat pitit fi vyèj ki te gen don pwofesi.

10 Apre kèk jou depi nou te la, yon pwofèt yo rele Agabis ki soti nan peyi Jide te vin rive. 11 Li avanse sou nou epi li prete sentiwon Pòl. Agabis mare de men l ak de pye l ak sentiwon an, epi li di: “Men sa Sentespri a di m: Se konsa Jwif yo ap mare mèt sentiwon sa a nan Jerizalèm, pou yo livre l bay moun lòt nasyon yo”.

12 Lè nou tande Agabis di pawòl sa yo, ni nou menm, ni lòt kwayan nan Sezare yo, nou soupriye Pòl pou l pa monte Jerizalèm. 13 Lè sa a, Pòl reponn: “Pouki sa n ap kriye konsa pou fè kè m tris? Mwen menm se pa pou prizon sèlman non m pare; mwen pare pou m ta menm mouri nan Jerizalèm pou non Senyè Jezi.”

14 Kòm nou pa t ka konvenk li pou l pa monte Jerizalèm, nou sispann ensiste. Nou di l pito: “Se pou volonte Senyè a fèt.”

15 Apre nou fin pase jou sa yo la, nou prepare nou epi nou monte Jerizalèm. 16 Kèk nan kwayan Sezare yo te monte Jerizalèm avèk nou tou. Kwayan sa yo mennen nou fè ladesant kay yon sèten Nason, yon moun lavil Chip, ki te yon disip depi lontan.

Pòl al vizite Jak

17 Lè nou rive Jerizalèm, frè ak sè yo te resevwa nou avèk anpil jwa. 18 Nan demen, Pòl te pran nou tout avèk li pou n al lakay Jak. Tout lidè legliz yo te reyini kay Jak la tou. 19 Apre l fin salye yo, Pòl tonbe rakonte yo an detay tout sa Bondye fè pa mwayen ministè li nan mitan moun ki pa Jwif yo.

20 Apre lidè yo fin tande Pòl, yo bay Bondye glwa. Apre sa, yo di Pòl konsa: “Frè nou, ou wè ki kantite Jwif ki vin kwè nan Kris la kòm sovè; epoutan, yo tout trè zele pou lalwa Moyiz la toujou. 21 Yo fè yo konnen ou anseye Jwif k ap viv pami moun lòt nasyon yo pou yo sispann obsève lalwa Moyiz la. Yo aprann ou di moun yo pou yo sispann sikonsi timoun yo epi pou yo sispann swiv lòt koutim yo tou.

22 Ki sa pou n ta fè la menm? Paske kwayan Jwif yo p ap pran tan pou yo konnen ou rive isit la. 23 Oke, n ap di w sa pou w fè: Gen kat mesye pami nou ki fè yon ve.[b]

24 Pran mesye sa yo avè w epi patisipe nan seremoni pirifikasyon[c] y ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a. Pran responsabilite pou w peye depans pou yo koupe cheve yo.[d] Sa ap fè tout moun wè sa yo te tande moun di sou ou yo se pa t verite a. Y a wè ou pratike lalwa Moyiz la nan pwòp lavi pa w tou.

25 Pou sa k konsène payen ki vin kwè nan Jezikris yo, nou menm nou te jije bon pou n voye yon lèt ba yo pou di yo bagay sa yo:

Yo pa dwe manje vyann bèt yo te touye pou ofri bay zidòl.

Yo pa dwe manje vyann bèt ki te mouri toufe osinon vyann ki ak tout san ladan yo.

Egzante tout kalite peche seksyèl.”

Yo arete Pòl nan lakou Tanp lan

26 Pòl te chwazi pran kat mesye yo avèk li vre. Nan demen, li te patisipe vre nan seremoni yo t ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye a. Apre sa, Pòl antre nan lakou Tanp lan pou l al anonse ki lè peryòd pirifikasyon an t ap fini. Nan dènye jou a, yo t ap gen pou prezante yon of rann pou chak mesye yo.

27 Lè peryòd sèt jou a te prèske fini, yon kolonn Jwif ki te soti an Azi epi ki te wè Pòl nan lakou tanp lan, tonbe monte tèt foul la. Konsa, yo mete men sou Pòl. 28 Yo tonbe rele byen fò: “Moun ras Izrayèl yo, vin ban nou konkou! Men nonm k ap pwonmennen anseye yon pakèt bagay kont pèp nou an, kont lalwa Moyiz la ak kont Tanp nou an tou. Kounye a men l mennen Grèk, moun ki pa Jwif vin antre nan Tanp lan pou fè yo pwofane espas sakre sa a.” 29 (Jwif yo te di pawòl sa yo paske yo te wè Twofim ansanm avèk Pòl nan Jerizalèm. Twofim te moun lavil Efèz. Jwif yo te panse Pòl te antre nan lakou Tanp lan avè l.)

30 Tout moun nan vil la k te tande koze a te vin fache anpil epi yo t ap kouri sot nan tout direksyon vin nan Tanp lan. Yo mete men sou Pòl, yo trennen l soti deyò espas lakou Tanp lan kote ki sakre a, epi yo fèmen baryè yo tousuit. 31 Foul la t ap chache yon jan pou touye Pòl, lè kòmandan batayon Women an jwenn nouvèl la. Li te tande tout lavil la nèt tèt anba. 32 Rapid rapid, kòmandan batayon an te pran kèk ofisye ansanm ak kèk sòlda, li kouri desann kote foul la te rasanble a. Lè foul la wè kòmandan batayon an ansanm ak kèk ofisye epi ak sòlda yo, yo sispann bay Pòl kou.

33 Lè sa a, kòmandan batayon an avanse sou Pòl, li arete l. Li bay lòd pou yo mare Pòl ak de chenn. Apre sa, li mande: “Ki lès nonm sa ye? Ki mal li fè?” 34 Nan mitan foul la, moun yo t ap rele byen fò. Yon gwoup t ap di yon bagay, yon lòt gwoup t ap di yon lòt bagay. Lè kòmandan an wè li p ap konprann anyen nan tout woywoy sa a, li bay lòd pou yo mennen Pòl nan kazèn nan. 35 Lè yo rive sou mach eskalye yo avèk Pòl, sòlda yo te oblije pote l, tèlman foul la te vin vyolan. 36 Paske se tout foul la nèt ki t ap swiv li epi k t ap rele byen fò: “Touye l!”

37 Pandan yo t apral antre nan kazèn nan, Pòl di kòmandan an konsa: “Èske m ka di w yon bagay?”

Kòmandan an di l: “O, apa ou pale Grèk? 38 Enben si se pou sa, ou pa moun m te panse w ye a? M te panse se te Ejipsyen ki te lakòz soulèvman kont gouvènman an fwa pase a wi; nonm ki te mennen kat mil (4,000) bandi ame ansanm avè l nan dezè a.”

39 Pòl reponn li: “Mwen menm mwen se yon Jwif ki soti lavil Tas, nan peyi Silisi. Se la m soti, nan yon vil ki gen kalite bon renome w konnen an. Silvouplè, ban m pèmisyon pou m pale ak pèp la.”

40 Kòmandan an bay Pòl pèmisyon pou l pale. Pòl kanpe sou mach la, epi li fè yon jès ak men li pou foul la ka fè silans. Lamenm, vin gen yon gwo silans nan foul la, epi Pòl pale avèk yo nan lang Ebre.

Footnotes

  1. 21:8 sèt mesye Moun yo te chwazi pou yon travay espesyal. Gade nan Trav 6:1-6.
  2. 21:23 ve Li pwobab se yon ve Nazireyen, yon peryòd kote yon moun pwomèt pou l konsakre l epi pou l fè sèvis pou Bondye. Gade Nazireyen nan Lis Mo yo.
  3. 21:24 seremoni pirifikasyon Seremoni espesyal yo te konn fè pou mete yon bout nan ve Nazireyen an. Gade vèsè 26 la tou.
  4. 21:24 koupe cheve yo Sa te montre ve a te fini.