Matye 13:1-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Istwa yon plantè ki t ap simen grenn
(Mak 4:1-9; Lik 8:4-8)
13 Menm jou a Jezi deplase kite kay kote l te ye a, l ale chita bò lak la. 2 Epi yon foul moun te vin rasanble bò kote l. Konsa Jezi monte nan yon bato li chita. Foul moun yo te rete sou rivaj la. 3 Epi li te sèvi ak parabòl pou anseye yo anpil bagay. Li di yo:
Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn. 4 Pandan l ap simen grenn, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo nan syèl vini, yo manje grenn yo. 5 Yon lòt pati nan grenn yo tonbe sou karyann, kote ki gen yon ti gras tè. Grenn yo jèmen byen vit, men plant yo pa t pran anpil tan pou yo mouri, paske tè a pa fon ase pou rasin yo antre. 6 Konsa lè chalè solèy la te frape sou plant yo, yo te mouri paske yo pa t gen bon rasin. 7 Yon lòt pati nan grenn yo te tonbe nan touf pikan. Yo leve, men pikan an toufe yo. 8 Yon lòt pati nan grenn yo tonbe nan bon tè. Gen ladan yo ki bay donn 30, 60, ak 100 fwa plis pase sa plantè a te simen an. 9 Moun ki gen zòrèy pou tande, tande!
Read full chapterCopyright © 2017 by Bible League International