Add parallel Print Page Options

Jak ak Jan mande yon favè

(Mat 20:20-28)

35 Apre sa, Jak ak Jan pitit gason Zebede yo te vini kote Jezi epi yo di li: “Mèt nou ta vle ou fè yon bagay pou nou.”

36 Jezi mande yo: “Kisa nou vle m fè?”

37 Mesye yo di: “Pèmèt nou ka jwi nan gwo lonè ou ap genyen lè ou wa a. Pèmèt nou pou youn chita sou bò dwat ou epi lòt la sou bò goch ou.”

38 Jezi di: “Mesye, m pa kwè nou konprann sa n ap mande la a. Èske nou ka bwè nan menm gode[a] mwen pral bwè a? Èske nou ka batize[b] nan menm batèm avè m?”

39 Jak ak Jan reponn: “O wi, nou kapab!”

Jezi di yo: “Se vre, nou gen pou n bwè nan gode mwen dwe bwè a, nou gen pou nou batize nan menm batèm avè m. 40 Men kanta pou chita adwat mwen osinon agoch mwen, se pa mwen ki deside sa. Bondye te pare plas sa yo pou moun li chwazi.”

41 Lè dis lòt disip yo te tande sa Jak ak Jan t al mande a, yo te fache anpil ak yo. 42 Jezi rele yo epi l di yo: “Nou konnen kijan chèf k ap kòmande nasyon yo ak grannèg yo renmen fè lòt moun santi ki kalite pouvwa yo gen nan men yo. 43 Men se pa konsa sa dwe ye nan mitan nou. Okontrè, nenpòt moun ki vle jwe wòl lidè nan mitan nou bezwen jwe wòl sèvitè nou. 44 Nenpòt moun ki vle jwe wòl premye nan mitan nou dwe jwe wòl esklav nou tout. 45 Paske menm Pitit Lòm nan pa vini pou moun sèvi l, men l vini pou l ka sèvi moun epi bay lavi l pou peye delivrans anpil moun.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 10:38 gode Nan ekspresyon sa a, gode se yon senbòl ki vle di soufrans. Jezi sèvi ak lide “bwè nan yon gode” pou di li aksepte soufrans li t apral rankontre nan evènman yo ki te prèt pou rive. Gade tou nan vèsè 39 la.
  2. 10:38 Èske nou ka batize Mo sa a toujou vle di “plonje nan dlo”, men isit la li gen yon sans espesyal. Li vle di “kouvri” oubyen “antere” anba tray, pwoblèm. Gade tou nan vèsè 39 la.