Add parallel Print Page Options

Puisans Jezi soti nan Bondye

(Mat 12:22-32; Lik 11:14-23; 12:10)

20 Apre sa, Jezi retounen lakay la, menm jan an ankò, you foul vin rasanble. Sa fè li menm ak disip yo pa t menm gen tan pou manje. 21 Lè fanmi Jezi yo te tande sa, yo te vin chache l, paske te gen moun ki t ap di Jezi pèdi tèt li.

22 Doktè lalwa yo ki te soti Jerizalèm t ap di: “Se Satan[a] ki nan tèt li. Se ak chèf demon an l ap chase demon.”

23 Jezi rele yo epi li pale ak yo an parabòl: “Ki jan Satan ka fè chase Satan? 24 Yon wayòm ki divize p ap rete kanpe. 25 Yon kay ki divize p ap kanpe non plis. 26 Si Satan ta leve kont pwòp tèt li, li divize, li pa ka kanpe, pouvwa l t ap fini.

27 Pèsòn pa ka antre nan kay yon nèg vanyan pou l vòlè afè l, si li pa mare l anvan. 28 An verite, m ap di nou sa byen, Bondye ap padone tout kalite peche, menm tout kalite move bagay mal yo di sou li. 29 Men kanta pou moun ki pale Sentespri a mal, peche sa a p ap jan jwenn padon.”

30 Jezi te di sa paske doktè Lalwa yo te akize l, lè yo di se yon move zespri ki te nan li.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:22 Satan Literalman, “Bèlzebil” ki chèf tout demon yo.